Biwo ki la pou kontwole sa sitwayen yo posede (OFAC) ki nan depateman trezò Ameriken, anonse mèkredi 5 avril 2023 a yo sanksyone ansyen prezidan chanm depite Ayiti a, Garry Bodeau, pou divès zak koripsyon.

Nan kominike sila depateman trezò Ameriken mete deyò a, yo fè konnen yo pran desizyon sila suivan dekrè egzekitif (EO) 13818 ki genyen pou wè ak lwa mondyal Magnitsky ki regle vyolasyon dwa moun ak koripsyon nan mond lan.

Selon otorite Amerikèn yo, an 2019, ansyen prezidan 50èm legislati Ayisyèn nan ta distribiye ant 500 a 600 milyon goud bay rès kolèg depite yo, pou vote ratifikasyon yon kabinè ministeryèl.

Selon yon sous jounal Centre à la UNE kontakte, ratifikasyon sa a depateman trezò Ameriken pa t vle site non an, ta genyen pou wè ak ansyen premye minis deziye Fritz Williams Michel.

N ap note, ansyen depite Garry Bodeau gouvènman kanadyen an te deja sanksyone nan mwa novanb 2022 a, epi depatman trezò peyi Lèzetazini sanksyone mèkredi 4 avril 2023, genyen byen li yo k ap sou kontwòl otorite Amerikèn yo Ozetazini.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841