Direksyon Polis Jidisyè Ayiti (DCPJ) swete Jij Walther Wesser, lanse yon manda pou arete ansyen Minis Jistis Berto Dorcé nan kad dosye trafik zam ilegal Pòdepè a ki te nan bato Mis Lili a 1ye jiyè 2022. Trafik enfliyans, asosiyasyon malfektè se sa rapò ankèt la reproche Dorcé. Se le nouvelliste ki pibliye sa jedi 6 Avril 2023 a.

Nan kad ankèt Direksyon Polis Jidisyè (DCPJ) t ap mennen nan koze trafik zam ilegal mis Lili ki te eklate 1ye jiyè 2022 a, anketè yo relate nan rapò a de (2) sispèk sa yo; Jonas George ak Frantz Jean Relus ta pral mennen yo sou pis ansyen Minis Jistis Berto Dorcé.

Biwo Afè Finansye Ekonomik (BAFE), revele nan ankèt yo a, yo jwenn prèv kote Mèt Berto Dorcé t ap pale nan telefòn ak komisè Gouvèneman Pòdepè a, Mèt Michelet Virgile pou te fè libere Jonas Georges ak Frantz Jean Relus ki te enplike nan kad dosye trafik zam nan.

Anketè BAFE yo presize yo pat rive tande Minis Dorcé malgre plizyè envitasyon yo te voye pou li men li te prefere al reponn kesyon Jij Walther Wesser ki ap enstui dosye a. Sepandan anketè BAFE yo fè konnen yo te achemine kesyon yo pou Jij la.

Nap raple Peyi Kanada te sanksyone Minis Berto Dorcé paske li ta nan konivans ak gang, trafik dròg ak koripsyon.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841