Yon karantèn kodonatè Konsèy seksyon kominal nan tout peyi a sezi kabinè Jn-Baptiste, rive some ministè Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn pou ba yo 6 milyon goud lajan devlòpman Leta te pwomèt yo. Kabinè Mèt Lérès Jean-Baptiste deklare Lendi 20 mas 2023 a, li konte sezi ULCC kont Reskonsab Ministè Planifikasyon yo.

Se leta Ayisyen ki te mete fon sila, a dispozisyon kòdinasyon Seksyon kominal yo nan bidjè 2017 la, nan sousi pou fasilte seksyon yo jwenn finansman pou fè kèk program pou ede amelyore kèk problèm peyizan yo ap andire nan zòn yo. Poutan, malgre kòdinasyon an soumèt dokiman pwojè yo, Ministè Planifikasyon pa janm di yo anyen malgre tout demach yo fè deja.Lajan sa te dwe kòmanse nan lane 2017, yon milyon goud pa ane.

Jiris la ki rankontre ak la près 20 mas 2023 a, fè konnen sou demand kòdinasyon yo, yap fè pouswit dosye a jiskobou. Pi lwen, li di li regrèt anpil lè l konstate fason pwòp moun ki wo plase nan leta a, k ap rann sitiyasyon peyi a vi n pi difisil nan pratike kòripsyon san rezèv nan tout nivo.

N ap siyale aprè bon jan ankèt, KAZEK yo reyalize gen yon senkantèn kwòdinasyon ki te rive jwenn lajan sa a.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841