Pou yon lòt fwa, dimanch 19 mas 2023 a, sitwayen yo nan komin Sodo denonse konpayi NATCOM ki kite antèn ki alimante komin nan inikman sou kont kouran EDH. Nan tout moman EDH pa bay kouran an, moun Sodo pa ka pase yon apèl NATCOM, alewè pou entènèt, pandan plan yo fè yo ap gaspiye.

Se pa premye fwa sitwayen yo nan komin Sodo ap plenyen pou kesyon ond yo pa ka jwenn sou telefòn. Divès konpayi telefonik sa yo ki te dwe byen desèvi popilasyon an, pran plezi yo nan konekte antèn yo sou rezo EDH la, nan sousi pou jwenn enèji elektrik.

Komin Sodo ki fè 179,41 km2, ki genyen 4 seksyon kominal plis sant vil la, ki te deja gen plis pase 39 sitwayen ki t ap viv ladan l selon dènye resansman IHSI te pibliye nan lane 2015 yo, genyen sèlman kèk grenn antèn akayik, 2 ap grazouye nan sant vil la, pandan konpayi yo pa sispann bote lajan izaje yo, san pou otan yo pa ba yo bon jan sèvis jan sa dwe ye a.

Espas komin Sodo a pa diferan de rès peyi Ayiti, menm jan ak divès lòt vil yo andedan peyi a, sitwayen Sodelè a pa ka sikile ak kè poze, li pa ka jwenn gaz nan ponp, li pa gen aksè ak dlo potab, pwodui 1e nesesite yo moute tèt nèg, li pa ka jwenn ti kouran EDH Pelig la ki, dayè, fè konnen pa gen ase dlo pou bay kouran an… Ajoute sou tout sa yo, konpayi telefòn yo derefize ba yo sèvis telefonik yo peye pou sa.

Manm popilasyon Sodlèz la ki vrèman an kòlè fas ak sitiyasyon sila, pa sispann mande jis kilè Ayisyen ap jwenn yon chans pou viv avèk diyite, tankou sa fèt pou divès lòt sosyete nan mond lan ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...