Prezidant peyi Ondiras la, Xiomara Castro Zelaya, fè konnen vandredi 17 mas 2023 a, gouvènman l ap dirije a deside devlope relasyon diplomatik ak peyi Lachin, pandan li vire do bay Taywann. Yon desizyon peyi Lèzetazini pa twò byen wè, lakòz enterè yo pa nan Lachin.

Lachin avèk Taywann se 2 espas ki se vwazen youn ak lòt, ou ta di se Ayiti ak Dominikani. Men, pa rapò ak pwoblèm jewopolitik, yo pral divize, sa ki vin bay 2 eta diferan. E pou anpil moun, divizyon sila se zèv peyi Lèzetazini, paske Lachin se konkiran imedya yo nan nivo ekonomik ak lòt sektè.

Se nan lane 2000 yo, sitwayen yo nan Taiwan te deside eli Chen Shui-Bian kòm prezidan peyi a, ki genyen yon konstitisyon, drapo, anblèm, vis-prezidan, kapital, lajan, lang… Yon desizyon ki te bay Lachin anpil enkyetid. Sipòte Chen Shui yo ak pati li a ki se Pati Demokratik Pwogresis (DPP), te ouvètman sipòte endepandans Taywann.

Nan yon premye tan, Lèzetazini te aksepte politik « yon sèl Lachin  » nan, kote yo te rekonèt yon sèl gouvènman ki se Peken (Lachin+Taymann). Men, menm Etazini an pral deklare y ap entèvni militèman si Lachin ta oze anvayi Taywann. Pi lwen, nan mwa me 2022, Prezidan Joe Biden te reponn wi, lè yo te poze l kesyon èske yon jou Etazini ka defann Taiwan militèman. Poutan, Taiwan se sèlman kliyan zam Etazini, yo pa gen okenn akò ki lye yo.

N ap note, se pa sèlman peyi Ondiras ki deside koupe relasyon diplomatik li ak Taywann, nan mwa desanm 2021, Nikaragwa te anonse li kraze relasyon diplomatik li yo ak Taiwan. Yon separasyon rejim Taipei a te fè konnen li regrèt anpil, paske yon patnè fidèl te kite l. Pi ta, peyi Nijè, Lafrik di sid, Lesotho, Masedwan… Pral suiv Nikaragwa.

Fòk nou sinyale, Òganizasyon Nasyonzini (ONU) pa ko janm rekonèt Taywann kòm yon peyi, ni li pa manm ONU tou. Men paralèlman, genyen yon lis ki gen pi piti pase 20 eta (pou enterè yo) ki dakò, yo rekonèt e aksepte Taywann se yon peyi, pami yo nou jwenn nan tèt lis la Ayiti, aprè sa ou jwenn Vatikan, Beliz, Gwatemala, Paragwe, Nikaragwa, Sent-Lucia…

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841