Aprè peyi Kanada, anbasadè peyi Lafrans lan an Ayiti, Fabrice Mauriès, deklrare jedi 16 mas 2023 a «Okenn sòlda, ni polisye fransè p ap antre pou vin batay kont gang yo Ayiti». Li presize ouvètman Ayiti dwe konte sou fòs nasyonal pa li pou batay kont gang yo.

Aprè tout kalkil gouvènman Ariel Henry a te fè sou sa ki gen pou wè ak kesyon ensekirite a ki pa sispann galope an Ayiti, yo te finalman konkli se sèl yon fòs miltinasyonal etranjè ki kapab bay popilasyon Ayisyèn nan yon chans, anba men divès gang trè pisan k ap fè sitwayen yo moute lesyèl pa do nan tout sektè.

Se nan dat vandredi 07 oktòb 2022 a pandan yon konsèy Minis ekstraòdinè, Premye Minis Ayisyen an, Ariel Henry, ak tout rès gouvènman an te mande sipò entènasyonal la, pou fè fas ak kriz imanitè peyi a ap konnen, sitou ensekirite a. Desizyon sila te pran nan kad yon rezolisyon gouvènman an te pran menm jou a.

Poutan, jedi ki te 09 mas 2023 a, gouvènman Ariel Henry ta pral konstate chèf eta majò peyi Kanada a, Wayne Eyre, ki te fè konnen fòs lame peyi Kanada a ki deja mobilize pou ale sipòte peyi Ikrèn ak OTAN, pa gen ase kapasite pou yon lòt misyon sou sitiyasyon ensekirite Ayiti a. Kèk jou aprè, se tou peyi Lafrans, ki fè konnen okenn sòlda p ap mete pwent pye yo an Ayiti pou batay ak gang yo.

N ap raple, se pa sèlman Ariel Henry ki te solisite èd Miltinasyonal la, nan dat ki te 28 novanm 2022 a, Direktè Jeneral Lapolis Ayiti a, Frantz Elbé, te deklare ouvètman peyi a nesesite èd yon fòs militè pou ede yo jere kesyon ensekirite a galopant sila ki depase yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la a UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...