Sénatus Merinord ki se papa yon demwazèl ki gen 14 lane, vyole pwòp pitit fi li a plizyè fwa. Lajistis te rive fouke Merinord ki se moun Baytourib, twazyèm seksyon komin Tomond. Yon kouzen Merinord ki se Vicnold Sénatus, ki te pale ak Centre à la UNE madi 14 mas 2023 a, fè konnen papa a vyole minè a anviwon 5 fwa, epi ba li presyon, nan di demwazèl la si li ta oze pale sa, l ap touye l.

PIBLISITE PEYE

Se depi a laj 12 lane depi Merinord alyas Pakonte ap vyole timoun nan, ki vle di, sa te kòmanse pwodui depi lane 2020. Poze kesyon poukisa se jodi a pawòl la pran lari, Vicnold Sénatus ki gen ti non jwèt Inosan, ki se kouzen Pakonte, rakonte premye fwa papa a fè sa, li kite kaban li, pou l te al kouche nan chanm ti fi a. Lè l fin fè sa, li di l l ap touye l si l pale sa.

Jou ale jou vini, mouche a kontinye pran plezi l nan kouche ti fi a. Finalman, aprè 2 lane, li deside soti nan silans li, malgre tout presyon li t ap sibi yo. E se konsa, mesye Vicnord pral aprann zak malonèt sa a mouche a pa sispann fè sou pwòp pitit fi li. Menm moman an, fanmi an chache mete lapolis okouran, jis yo rive mete lapat nan kasav Pakonte, ki pou kounye a nan men lajistis nan Ench.

Timoun nan te ale lopital non sèlman pou fè egzamen e jistifye papa a te kouche l vre, men sitou pou ale gade si l pa enfekte, paske papa a ta sanble malad, selon temwayaj Vicnord, ki mande pou popilasyon pa boule Merinord, men se pou lajistis fè misye pase tout rès vi l nan prizon, e li te mande pou jounal Centre à la UNE fè mesaj li a pase nan tout mond lan.

N ap note, se sèlman 12 lane timoun nan te genyen depi lè papa a t ap vyole l la. Malgre sa, yon bò, divès sitwayen pa sispann kritike l, lè yo fè konnen li te ka avili papa a lontan sa deja. Poutan, gen yon lòt gwoup ki ale pi lwen , yo gade aspè sikolojik ki genyen nan kesyon an, lè papa a te mete anfas li lanmò kòm youn nan opsyon ki pi fasil, si tout fwa li ta pale sa.

An nou viv ansanm deklarasyon timoun ki viktim nan : «Se mwen ak papa m ki te nan kay la avèk yon ti pitit. Lè m reveye nan nwit la, m jwenn li kouche dèyè m nan, lè m mande l sa l ap fè la a, li leve, l ale nan kabann li. Nan 2èm fwa li vini, li fè m sa, m jwenn li kouche dèyè m nan. M mande sa l ap fè la ? Li pa di anyen. Li fè m sa, aprè sa li di konsa depi m di moun nan zòn nan sa, l ap koupe tèt mwen».

«Gen yon lòt fwa li fin fè m sa ankò, pandan m ap kriye, li ale li ban m yon kalòt, lè l fini, li di depi m di moun nan zòn nan sa, l ap koupe tèt mwen, li fè m sa 5 fwa».

Nan yon doktrin sikolojik li kreye ki pote non BEHAVIORISME ki etidye konpòtman fas ak sitiyasyon, sikològ Ameriken John Broadus Watson pale de STIMULUS ak RÉPONSE, ki vle di, chak aksyon ki pwodui, toujou genyen youn oubyen plizyè repons otomatik pou li. Nan ka timoun nan, lanmò a se sa ki estimile l la epi lè l fè silans lan se repons lan.

Pi lwen, nan domèn sikanaliz, divès nan pansè yo pale de diferans ki kapab tabli ant REFOULEMENT (ki se yon aksyon yon endividi deside pa fè pou pwòp rezon pa li) ak RÉPRESSION (ki se yon aksyon yon fòs siperyè enpoze yon endividi pou li pa fè, san konsantman endividi a). Ki donk, nan 2 ka sa yo ankò, nou rive konprann ti moun nan t ap sibi yon represyon, ki te fòse l oblije aksepte yon bagay ki pa t ditou nan volonte l, selon sa tonton li Vicnold rakonte jounal la.

Se pa premye fwa fenomèn sila ap pwodui nan sosyete a, puiske nan kèk lòt komin, popilasyon an konn aprann kèk papa vyole pitit yo, pafwa tou yo konn pann timoun yo. Apa de mete nan prizon, tiye, maltrete, èske Leta Ayisyen pa ta dwe ankadre yon kantite sikològ ak lòt syantifik ki konnen nan domèn konpòtman moun, pou ale fè kèk edtid, nan sousi pou chache kèk kòz okazyonèl, osnon kòz pwofond ki pouse yon papa ap vyole pwòp pitit li ?

Sérondier Louisia, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841