Depi mwa janvye, anpil nan divès zòn konstate yon fenomèn dife k ap pran nan plizyè espas kote ki gen pye bwa, kote ki gen touf zèb ak nan savann kote zèb yo seche ak kòz sechrès. Sitiyasyon sa a ki touche anpil sitwayendepi kèk tan, jiska dimanch 12 mas 2023 a, fè konnen se enkonpetans Leta Ayisyen ki pèmèt espas sa yo pa sispann detui.

Dife sa yo konn lage moun nan gwo kouri: Abitan yo konn pèdi divès bèt, ajoupa ak kay konn menm rive detui an sann. San n pa bezwen site chan kann ak jaden bannann ki pase anba flanm dife. Yon etensèl dife sifi pou ravaje tout yon forè depi l jwenn pay. Si anpil moun gade sa kòm yon plezi, men gen lòt ki wè l kòm yon gwo malè pandye, yon vrè epe damoklès ki sou tèt popilasyon ayisyèn nan, k ap viv nan zòn riral yo. Poutan, tankou pwovèb kreyòl la di sa a «Pa anyen plen panyen».

Fenomèn dife ki lage nan savann, nan boulay ak nan forè yo an Ayiti, se yon pratik ki fèt chak ane soti mwa janvye pou rive fen mwa mas, lè lapli kòmanse tonbe. Se plizyè zòn nan peyi Ayiti ki toujou pase anba flanm dife sa yo. Men jiskaprezan, ni leta santral la, ni otorite lokal yo ki veritab responsab yo, pa janm ko ka rive frennen dezòd sila ki gen plizyè kòz kòm orijin li.

Gen moun ki di se chalè a ki twò rèd ki lakòz wòch a Pyè yo (wòch vòlkanik) eksploze epi ensandye boulay yo. Gen lòt ki di se moun ki mete dife yo, swa pandan yap brile tè yo pou prepare plantasyon, swa pou malveyans tou. Gen lòt ki di se moun k ap mache nan fè nwa ki konn fè l pou yo ka wè limyè pou mache; pou bon plezi tou, yo konn deside pase alimèt nan zèb li wè ki sèch epi dife gaye.

Ansanm sitiyasyon sa yo repete nan divès zòn andedan peyi a. Se ka prensipalman zòn Forè dè Pen, ki gen anviwon 3 semèn depi dife ap ravaje pik Makaya, jiskaprezan poko gen entèvansyon otorite nan peyi Ayiti pou rive etenn dife sila a ki soti pou elimine pi gwo rezèv bwa peyi a.

Menm kad figi saba prezante nan komin Sodo, Mibalè, Domon, Savanèt…. kote plizyè bèt deja pase anba flanm dife. Nan Savanèt pa egzanp, abitan yo krent anpil pou antèn Konpayi telefòn mobil yo ki plase nan tèt mòn «plezi», kote chak ane dife toujou lage nan mòn sa a, boule ti pye bwa ki t ap grandi e menase menm rive nan perimèt antèn yo.

Nan yon peyi kote anyen pa sèten, lavi moun ak bèt yo menase, yon peyi ki deja devaste, kote tout tèt mòn yo fin dekale, ewozyon fin lave tout tè yo, tout tèt mòn yo fin tounen kale, kòz pa gen rasin pye bwa pou kenbe tè a; yon peyi kote deja anpil zòn pa gen dlo, majorite sous dlo fin seche kòz absans pye bwa nan basen vèsan yo, vin jwenn ak mechanste, neglijans Leta a, melanje ak inyorans moun ki pa konnen, ki lage dife nan mòn yo k ap degrade anviwònman an, sa kontitiye gwo danje sou tèt popilasyon an.

N ap raple, pa gen menm yon materyèl ki disponib pou entèvni nan ka ijans pou etenn dife k ap fin boule «Pik Makaya a». Tankou jan Doktè Gustave Lebon di li, «lè pa gen moun ki pou pran responsabilite yo, an chaj, se anachi k ap taye banda tou patou». Ansanm konsta sa yo bò kote popilasyon an ak lòt konsiderasyon, montre aklè tout feblès, enpuisans e menm fayit Leta Ayisyen.

Florince Fragile, centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841