An prezans divès responsab sanitè, notab, anplwaye ak otorite politik HUM selebre 10 lane depi l ap desèvi peyi a an jeneral e kominote mibalezyèn nan an patikilye. Yon esperyans ki pote anpil fwi pou popilasyon Ayisyèn nan, ki soti nan 10 depatman peyi Ayiti, selon yon ansanm done estatistik yo te prezante pandan 1e jou aktivite sila lendi 13 mas 2023 a nan vil Mibalè.

Pou ouvèti aktivite yo pè Jean Alphonse Jean Philippe te selebre yon mès nan sal 1 nan lopital la kote, responsab yo te tou pwofite rann yon omaj byen merite ak sila yo ki pèmèt lopital la egziste, sitou fondatè an chèf la, doktè Paul Farmer, ki se yon imen konfime, selon temwayaj ansanm aktè yo ki te toujou koutwaye li.

Pi lwen, diferan pèsonalite te pran lapawòl, pou prezante, yon fason oubyen yon lòt, pou rezime 10 lane sèvis HUM yo nan kominote a. Se ka Direktè Depatmantal la M. Denis Jean Baptiste, reprezantan MSPP a, Loré Adrien, Direktè adjwen HUM nan, Pierre M.Cher-Enfant, Direktè ekzekitif HUM nan Maxi Raymonville, Majistra Mibalè a Lochard Laguerre, Direktris Egzekitif HUM nan Marc Julmisse, responsab Partner In Health (PIH) la Sheila Davis…

Nan yon lòt tan, doktè Maxi Raymonville te prezante bilan 10 lane egzistans HUM, ki pati konsa :

Pou klotire aktivite sila, reponsab yo te pemèt 2 manm nan popilasyon an ki te jwenn sèvis HUM temwaye, nan sousi pou felisite ansanm pèsonèl HUM nan, ki deja pèmèt plis pase 2.5 milyon pasyans jwenn sèvis. Youn nan moun ki te temwaye yo, se yon fanmi ki te gen 3 timoun ki te fèt tou kole ansanm.

HUM resevwa deja 2 milion vizit: 215 575 pasyan nan ijans, plis pase 80 000 ospitalisasyon, 219 464 egzamen radyoloji, 1 385 000 pasyan jwenn sèvis nan famasi, plis pase 120 000 echatiyon biopsi fèt nan laboratwa, 2 500 tès korona. Lopital la anrejistre 507 773 pasyan, yo fè plis pase 53 265 entèvansyon chirijikal, plis pase 50 000 akouchman, 10 723 vizit J9 lakay pasyan.

Nan nivo konsiltatyon, yo reyalize : 30 000 konsiltasyon onkoloji, 18 104 pou sante mantal, 2 496 pasyan teste VIH positif, 2 021 lòt ak VIH aktif, 149 987 teste pou VIH. Pou edikatyon: yo reyalize 8 pwogram de rezidans, 3 pwogram de Fellochip, 194 pèsonèl sante gradye (150 an Ayiti, 44 lòt a letranje) epi yo genyen plis pase 1 500 anplwaye.

HUM bay ansanm sèvis sa yo : inite an swen entansif, ijans, chiriji, medsin entèn, jinekoloji-obsetrik, pedyatri, onkoloji, sèvis enfektye, yon laboratwa nivo P3, plis pase 350 kabann, 8 pwogram de rezidans. HUM se premye lopital ki separe timoun ki te kole ansanm pandan yo te fèt, se youn nan pi gwo zèv lopital la depi egzistans li an 2013.

Vizyon HUM se ofri swen sante kalite, fòme nouvèl jenerasyon nan yon kontèks ki respekte prensip entènasyonal yo, pou travay nan domèn sante a, devlope syans medikal la epi fè rechèch an kolaborasyon ak patnè nan entènasyonal la, pou rive bay swen sante ak sila yo ki pi vilnerab nan sosyete a.

Sou plan finansye, Leta Ayisyen ki gen kontra pou bay lopital la 8 milion dola ameriken chak ane, te bay patisipasyon sa a sèlman nan premye ane fonksyònman lopital la. Nan lane 2023 PIH li menm te bay 5 milion. Men, pou 9 dènye ane sa yo, soti 2014 pou rive 2023, se sèlman PIH ki finanse HUM a 100%. Ki vle di, leta Ayisyen pa janm bay 1 santim ankò.

N ap note, 13 mas 2013 – 13 mas 2023 make egzateman 10 lane depi HUM pran nesans epi ap bay swen ka pasyan yo merite nan vil Mibalè. Se Doktè Paul Farmer ak pè Lafontant yo konsidere kòm de gran figi anblematik, ki pèmèt peyi Ayiti, Plato Santral, sitou Mibalè jwenn kokennchenn enstitisyon sila a k ap bay pasyan ki soti nan tout depatman andedan peyi a sèvis ka yo merite.

Finalman, majorite diskou yo te mete anpil, vrèman anpil aksan sou jesyon lopital la, ki dwe fèt nan pi gwo rigè sa mande, nan sousi pou evite tout peyi a pèdi ansanm byenfè HUM pote pou tout popilasyon ayisyèn nan, sitou sa ki pi mal yo. Se pou sa, yo te sèvi ak tèm sa a pou selebre 10èm anivèsè lopital la: «10 zan sèvis piblik, fòmasyon ak rechèch».

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...