Manm kòdinasyon Depatmantal chapit Ayisyen Asosyasyon entènasyonal fanm Jij yo nan latibonit (CHAIFEJ) reyalize Yon pwen deprès vandredi 10 Mas 2023 a, nan okazyon jounen entènasyonal dwa fanm jij yo, ki selebre 10 mas nan peyi dayiti ak an ban lòt peyi nan mond lan. Jij Eugénie Jean -Louis, konseyè CHAIFEJ kite louvri pwen deprès sila, deklare se avèk Yon santiman dejwa y ap klotire jounen entènasyonal Dwa Fanm yo nan okazyon jounen entènasyonal fanm Jij yo nan depatman latibonit lan.

Jij Eugénie Jean-Louis fè konnen, lè yo pale de fanm, yo pale de gason tou paske se nan kòt gason ki se Adan Bondye te pran Yon zo pou kreye fanm kise Èv ki pèmet jounen jodi a, gason sòti nan fanm epi fanm sòti nan gason. Majistra fè konnen, jounen jodi a se dwa fanm yo, ap chache paske gason yo se akonpanyatè fanm se pou rezon sa yap chache egalite sèks yo ak respè nan sosyete a.

Jij Fonie Norgaisse ki se prezidant Nasyonal chapit Ayisyen Asosyasyon entènasyonal fanm Jij yo, ki se an menm tan prezidant kòdinasyon Depatmantal chapit Ayisyen Asosyasyon Fanm Jij yo nan depatman latibonit, deklare anprelid jounen entènasyonal fanm Jij yo, fanm jij yo nan latibonit te sou 2 pye militè yo, kote yo reyalize yon semèn aktivite nan Lekòl yo nan kad jounen entènasyonal Dwa Fanm yo. Prezidant CHAIFEJ la di fanm yo pa dwe rete ap tann Moun pou fè yo paske se Lekòl yo dwe ale pou vin devni yon bagay nan sosyete a. Jiris la fè konnen, se nan Washington syèj sosyal Asosyasyon entènasyonal fanm jij yo ye ki kreye depi nan lane 1991 epi chapit ayisyen nan peyi Dayiti depi nan lane 2001.

Pi lwen, Madam Fonie Norgaisse deklare, genyen anpil moun k ap tann fanm yo nan sistèm jidisyè a, paske se sou yo, yo konte paske objektif yo se pwogrese nan sektè dwa zimen pou ka genyen Yon jistis egal pou tout moun. Li mande ak medam yo pou travay anpil yon fason pou yo kapab jwenn Plas yo merite nan sosyete a.

Komisè Marie Paule Valentin kise vis prezidant kòdinasyon Depatmantal CHAIFEJ la nan Latibonit fè konnen, ane sa fè CHAIFEJ genyen 22 lane depi li egziste, kote yo òganize karavan atravè peyi a nan lide pou pwomouvwa kesyon lwa ki konsène trèt pèsòn yo. Komisè Valentin di avan lwa trèt Moun nan te egziste yo te gentan ap travay sou lwa domestisite nan peyi Dayiti e se yo menm ki pyonyè lwa sa paske yo te fè anpil sakrifis pou fè popilasyon konnen lwa sa a.

vis prezidant CHAIFEJ la pale de karavan yo te reyalize nan plizyè komin depatman latibonit lan pou te ka pale ak tifi epi ti gason yo pou di yo 8 mas la se pa yon jounen fèt pou resevwa chokola pou di yo bòn fèt men se fèt kote yo rekonèt dwa Fanm yo. Li fè konnen, yap rekrite fanm Jij nan CHAIFEJ, pwofesyonèl, Majistra yo, Notè, apantè pou vin entegre nan Asosyasyon an paske yo pa fè okenn eksklizyon, yo gen Plas yo nan gwo estrikti sa a .

Pilwen vis prezidant CHAiFEJ la Mme Marie Paule Valentin di sevre,yo te konn ale nan legliz yo,nan mache piblik yo ak nan ri yo pou pale de kesyon trèt la men semèn sa, yo te plis mete aksan sou Lekòl yo pou pale de jounen 8 mas la ki vrèman genyen anpil enpòtans pou fanm ayisyèn yo ak Fanm ki nan mond lan.

Majistra Luvencia Désir, kise Sekretè adjwen CHAiFEJ nan entèvansyonl deklare,jounen fanm Jij yo rive adopte nan kad Yon asanble jeneral nan Nasyon zini,kote rezolisyon 274 la te pran nan sousi pou fè pwomouvwa legalite fanm ak gason.

Li fè konnen,fanm yo manke reprezante nan pòs desizyonèl yo akoz pòs yo maskilinize .pou aranje dezavantaj sa ,yo vini avek jounen 8 mas la pou sansibilize popilasyon ayisyèn nan ak rès mond lan pou entegre fanm yo nan pòs Majistra yo pou ka gen plis fi ,ki vin jij ,ki selon li menm 1) kapab bay medan yo plis asirans lè yo vin nan lajistis pou se Yon fi parèy yo kap tande yo 2)kap pèmèt yo genyen ekout, sansibilizasyon kap fèt sou dwa viktim nan ap ale plis.

Majistra Luvencia Désir, deklare,medam souvan viktim se paske se Mesye yo ki deside pou yo.Nan sans li di pou fè dwa yo respekte ,Nasyon zini mete anaplikasyon jounen 10 Mas la kòm jounen entènasyonal fanm Jij yo. Li mande ak gouvènman ayisyèn an pou pwofite okazyon sa pou entegre plis fanm nan pòs Majistra yo paske sa kapab pote plis espwa pou anpil Moun ki vle se Yon fi ki pou tande yo, lè sa y ap kapab fete jounen sa avèk anpil kè kontan.

Komisè Emmanuella R.M Saint -Pierre Sekretè jeneral kòdinasyon chapit Ayisyen Asosyasyon entènasyonal fanm Jij yo (CHAiFEJ) nan entèvansyon l lan mande ak tout enstitisyon inivèsitè yo ak lot enstitisyon yo ke yo disponib pou fè fòmasyon/sansibilizasyon sou divès tematik ki trè sansib tankou: Lwa sou trèt Moun yo ki, daprè li, Yon vyolasyon kriyant dwa Moun ak domestisite kise Yon gangrenn k ap wonje peyi a nan plen 21 syèk sa ke yo paka sipòte ankò nan sosyete ayisyèn nan.

Karavann yo pral kontinye òganize atravè legliz yo, nan lide pou fè medam yo konnen dwa yo nan kominote yo ak nan fwaye yo pandan okazyon fèt manman ki gen pou reyalize nan mwa me k ap vini an epi mande pwofesyonèl dwa yo pou vin entegre nan gwo estrikti sa ki genyen 22 lane. N ap raple se nan dat 28 avril 2001 an l’ONU adopte dat 10 mas sa kòm jounen entènasyonal fanm Jij yo daprè Majistra Esther Lebreton kise trésorière kòdinasyon Depatmantal chapit Ayisyen Asosyasyon entènasyonal Fanm Jij yo nan Latibonit (CHAIFEJ).

Israël CEDIEU, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841