Yon delegasyon ki te gen nan tèt li kòdonatè Nasyonal Pwogram Inovasyon Teknoloji nan Agrikilti ak agwoforesteri (PITAG), Agwonòm Jean Marie Robert Chéry k ap kòdone pa ministè Agrikilti onivo biwo santral, vizite plizyè ponp a sistèm solèy k ap fonksyone nan bas plèn Gonayiv la aprè-midi 08 mas 2023 a.

Direktè Depatmantal Biwo ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral la nan Latibonit Ing- Agr, Renaud Géné, ki te akonpaye gwo delegasyon sa a, deklare objektif vizit la se pou founi je gade rezilta enstalasyon ponp sistèm solè yo bay epi gade kòman fòmasyon pou ranfòse kapasite komite ponp yo ak Asosyasyon yo ap dewoule.


M. Renaud Géné pi lwen di se parapò a jan plèn nan ap Devlope avèk enèji solèy la, kote plantè kap mennen aktivite jaden yo ak travay san okenn difikilte ki pèmet responsab yo nan PITAG prezan nan gwo seksyon kiltivab sa a. Nimewo en DDA-A fè konnen nan kad Pwogram inovasyon Teknoloji nan Agrikilti ak agwoforesteri (PITAG) ki finanse pa Bank Entè-Ameriken Devlòpman (BID), plèn nan deja genyen 29 ponp asistèm ki deja enstale landan l epi k ap kontinye fòme komite ponp yo ak Asosyasyon izaje yo yon fason pou yo ka dire lontan an.

Sou bò pa l, kòdonatè Nasyonal Pwogram Inovasyon Teknoloji nan Agrikilti ak agwoforesteri (PITAG) Agwonòm Jean Marie Robert Chéry, prezante pakou l te reyalize nan depatman Latibonit espesyalman nan plèn Gonayiv, aprè pasaj siklòn Ján nan lane 2004.

Nimewo en PITAG la di li apresye anpil gwo jefò k ap fèt yo nan sektè Agrikòl la onivo bas plèn Gonayiv la. M. Jean marie Robert Chéry fè konnen li vrèman enpòtan pou plantè yo òganize yo nan mete tèt yo ansanm pou idantifye pwoblèm yo epi pou jwenn solisyon yo rapid,rapid nan perimèt irige.

Pi lwen, kòdonatè Nasyonal Pwogram Inovasyon Teknoloji nan Agrikilti ak agwoforesteri (PITAG) Agwonòm Jean Marie Robert Chéry te pwofite okazyon pou fè konnen se 2 milyon 900 mil dola Ameriken enstalasyon 29 ponp asistèm solè sa yo koute nan plèn nan. Li ankouraje plantè yo pou fè bon jesyon ponp yo pandan l ap travay ak Direktè Depatmantal la pou wè kisa yo kapab kontinye reyalize nan sektè Agrikòl la nan Nivo bas plèn Gonayiv la, pou yon pi bon lavi miyò nan sektè sila a.

Robert Saint Paul ki se prezidan Federasyon plantè irigan bas plèn Gonayiv (FEPPIGO), felisite Direktè Depatmantal ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral nan Latibonit la pou gwo jèfò yo fè pou retire popilasyon an nan sechrès la, nan enstale ponp a sistèm solè sa yo k ap bay plantè yo dlo pou fè jaden nan divés lokalite premyè seksyon Pontamaren an, komin gonayiv la.

Prezidan Robert Saint Paul kwè se pa yon dènye vizit responsab PITAG yo fè nan bas plèn Gonayiv la, pandan l mande ak yo bon jan akonpayman nan kesyon boutik entran Agrikòl ak kiraj plizyè kanal irigasyon, nan lide pou fasilite plis manje pwodwi nan sektè Agrikòl la atravè 5 zòn kiltivab yo pou evite yo pa pran nan move semans.

Plantè Joanème Conpère ak Saint-Vil Monnestime bat bravo ak lakontantman pou Direktè Renaud Géné yo di ki gen anpil devouman, ki pèmet jounen jodi a yo rive soti nan mizè, grangou ak chomaj yo t ap konfonte nan plèn nan, akoz dlo yo pa t ka jwenn pou travay tè , ki se sèl sous yo genyen pou fè lajan an.

2 lidè Asosyasyon zòn 4 sa yo deklare yo genyen anpil zòn nan plèn nan ki pa wouze akoz yo paka jwenn dlo. Nan sans sa a, yo mande ak responsab yo espesyalman Agwonòm Jean Marie Robert Chéry pou li panse ak zòn sa yo k ap soufri depi plizyè lane yon fason pou yo kapab soti nan sitiyasyon difisil sa a pou yo kapab pran swen pitit ak madanm yo.

N ap fè konnen, Fòmasyon pou ranfòse kapasite komite ponp yo ak Asosyasyon Izaje yo pou zòn 4 ak 5 nan bas plèn Gonayiv la, demare pa Ing Agr Renaud Géné maten mèkredi 08 mas 2023 a. Se anviwon 55 plantè k ap benefisye fòmasyon sila.

Israël CEDIEU, Centre a la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841