Yon pati nan komin Beladè tounen yon dezè sitou zòn ki kole ak bout tè Elias piña.

Pye bwa yo pa rete kanpe ankò ditou pou moun ak bèt yo menm jwenn pou yo ta pare solèy, yo tout pase anba dan rach ak manchèt. Abitan k ap viv Kachimen, Karisal ak roche pou nou site sa yo sèlman.

Kèk abitan ki te rankontre ak nou fè konnen se lamizè ak grangou k ap fin fè yo tounen zo ak po ki fè y ap plede koupe pye bwa yo konsa pou yo fè chabon pou yo ka bay pitit ak madanm yo manje.

Sou bò pal, Itil Joseph, yon malere ki toujou ap fè chabon Kachiman, anfas lakay Dominiken yo di li pa konn ki sen pou li rele ankò ak move moman l ap pase chak jou Bondye mete. Li mande ak otorite konsène yo pou yo pran responsabilite yo, lonje men bay sak pa kapab yo sinon li p ap janm sispann koupe ti rès pye bwa yo nan zòn nan pou grangou pa mennen l anba tè.

Tande ak wè se de(2), zòn Karisal, Kachiman, zón wout pou ale Sanpèd ak Dosele, tounen yon dezè anfas dominiken yo. Antouka sitwayen konsekan nan site Dimasè Estime a ( Bèladè) pa janm sispann poze
Kesyon pou yo konnen jiskilè dirijan ayisyen yo ap ranmase karaktè yo.

Gulnave MATHURIN, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841