Nan okaszyon jounen entènasyonal akrikilti ak atravay la 1ye me, Inyon Fòs Progresis Ayisyen (UFPHA) òganize yon fwa sou mayi ak plante pye bwa fè distribisyon semans nan divès rejyon nan peyi a tankou Sant, Nò, Latibonit ak lwès pou valorize produiksyon nasyonal la.

Aktivite sa a dewoule nan objektif pou montre ki enpòtans kilti mayi a genyen nan milye ayisyen an sitou enpòtans ekonomik li.

Yo te fè plizyè ka pratik pou montre moun yo transfòme mayi. Nan gran basen nan Nòdès peyizan yo te remonte ak pratik konbit la kote yo te transfòme mayi an akasan epi bwè ak manje ansanm. UPHA di yo vle retounen ak pratik konbit la pou retounen ak yon atachman kolektif ak peyi a. Se sa prezidant lan Jeannine Germain te rapòte ak jounal la.

Yon lòtbò responsab aktivite a ki te pran lapawòl fè konnen UPHA bay tèt li misyon pou chanje sa nan peyi a òganize aktivite sila pou voye yon siyal ak tout moun ki dekouraje pou fason sitiyasyon an konplike nan peyi a pou montre yo genyen moun nan peyi a ki konsyan de problèm yo e ki pran gwo angajman pou redrese sitiyasyon yo tankou UPHA

Agronòm Telson Elois ki t ap prezante yon seyans fòmasyon pou patisipan yo fè konnen genyen 1.2 milya moun ki manje mayi nan mond alòs pou agwonòm nan yo pa gen dwa neglije paske lè ou transfòme mayi a genyen anpil bagay ou ka fè ak li.

Kèk peyizan ki te prezan nan aktivite sila te temwaye kontantman yo pou kokenchen aktivite saa UPHA òganize pou yo. Yo profite mande responsab yo pou yo fè tout sak depann de yo pou yo toujou òganize aktivite sila chak ane.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841