Direksyon Depatmantal Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral nan latibonit (DDA-A/MARNDR) reyalize fòmasyon pou anviron 200 plantè nan zòn 5 lokalite granmòn nan kad akonpanyeman direksyon depatmantal la konte bay plantè yo nan zòn kiltivab sa a madi 21 fevriye 2023 a. Aksyon sa antre tou nan kad kad jefò gouvènman an atravè Ministè Agrikilti ap fè pou konbat ensekirite Alimantè nan peyi Ayiti.

Direktè Depatmantal Ministè Agrikilti a nan Latibonit, Enjenyè-Agwonòm Renaud Géné, ki t ap òganize fòmasyon sila pou plantè yo, fè konnen objektif fòmasyon sa a se pou rive konbat ensèk «tiyogann» ki toujou ap sakaje kilti patat la epi distribye pwodwi fewomòn ki se yon pwodwi k ap ede plantè yo konbat ensèk tiyogann nan, nan pwodiksyon patat yo nan lokalite granmòn premyè seksyon pontamaren.

Pi lwen, M. Renaud Géné kwè avèk akonpayman sa a, Agrikiltè k ap mennen aktivite jaden nan zòn 5 Granmòn pral rale yon souf, pandan l swete yo byen itilize pwodwi sa k ap pèmet yo jwenn plis randman nan kiliti patat la li estime Agrikiltè zòn sa pwodwi anpil.

Plantè Wilson Adeclat ki se prezidan Asosyasyon irigan zòn 5 lokalite granmòn komin Gonayiv, nan entèvansyon l pandan fòmasyon ak distribisyon pwodwi fewomòn bay plantè yo, deklare fwa sa a plantè k ap pratike kilti patat la nan granmon pral rekòlte anpil patat, li fè konnen yon akonpanyeman si enpòtan dwe kontinye pou peyizan / plantè yo nan granmòn kapab rive pwodwi plis manje pou pran swen madanm ak pitit yo nan sektè Agrikòl la.

Plizyè peyizan / plantè ki te reponn prezan nan kad fòmasyon sa a felisite nimewo 1 ministè agrikilti Latibonit la, ak prezidan asosyasyon irigan zòn 5 lan Wilson Adeclat yo di ki panse avèk yo nan granmòn. Plantè sa yo mande direktè depatmantal ministè Agrikilti latibonit la kontinye ede yo jwenn ankadreman teknik ak semans, yon fason pou yo kapab rive travay tè yo pi byen pou manje kapab desann sou mache lokal ak Nasyonal la.

N ap fè konnen, zòn 5 Granmòn ki twouve l nan premyè seksyon pontamaren komin Gonayiv, genyen anviron 950 kawo tè ki kapab bay tout depatman Latibonit la manje, atravè divès kilti. Fòk nou di, nan sezon sa peyizan / plantè yo deja sou 2 pye nan prepare tè pou yo kapab plante patat ki pral rekolte sou 3 mwa nan zòn rich sa a.

Israël CEDIEU, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841