Samedi 25 fevriye 2023 a se dat Prezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele pase lòd pou transfere plizyè santèn prezime manb divès gang nan yon prizon tou nèf li konstwi pou konfine manm gang sa yo. Poutan, òganizasyon ki di y ap defann Dwa moun yo pa sispann kritike prezidan Bukele.

Nan yon videyo ki viral sou paj prezidan peyi Salvadò a Nayib Bukele ak divès lòt espas, yo montre plizyè santèn gang, anba lòd lapolis ak gwo sekirite, k ap deplase kite espas yo te ye yo, pou rann yo nan yon prizon tou nèf gouvènman peyi Salvadò a konstui pou mete prizonye sila yo.

Men mesaj prezidan Bukele nan kad transfè premye gwoup bandi yo : «Jodi dimanch lan byen bonè nan maten, nan yon sèl operasyon an, nou transfere premye 2 000 manm gang yo nan Sant Konfinasyon Teworis (CECOT). Espas sa a nouvo kay yo, kote yo pral viv pandan plizyè dizèn ane, yo p ap kapab fè plis mal nan popilasyon an.
N ap kontinye…»

Yon desizyon plizyè milye sitwayen, swa ki se Salvadoryen ou byen sitwayen de lòt nasyon k ap swiv politik gouvènman an plas la felisite, swa nan pataje osnon voye kòmantè pozitif pou gouvènman an, paske manm gang sa yo pa sispann twouble lapè pezib sitwayen k ap viv nan peyi a.

Poutan, òganizasyon ki di y ap defann Dwa moun yo pa sispann kalonnen Prezidan Bukeke, yo di ki pa sispann vyole Dwa bandi yo, puiske yo gen Dwa kòm moun, malgre yo nan zak malonèt sa yo.

N ap raple, se pa premye fwa òganizasyon Dwa moun yo ap frape prezidan Bukele oubyen divès lòt prezidan nan mond lan, ki vle mete yon estabilite politik, ekonomik, sosyal l… nan peyi yo.

Konsa, nan dat 27 mas 2022 aprè prezidan Bukele te deklare yon «état d’urgence» sou tout peyi a, paske divès gwoup gang te fè yon omisid sou popilasyon Salvadò a, genyen òganizasyon «Amnisti entènasyonal» ki pa t pran tan pou pibliye yon atik nan dat 2 jwen 2022, aprè yon ankèt yo di yo te mennen sou kesyon an :

«Anba eta dijans aktyèl la, otorite salvadoryen yo komèt vyolasyon masiv dwa moun, ki gen ladan plizyè milye arestasyon abitrè ak vyolasyon pwoteksyon pwosedi yo, ansanm ak zak tòti ak lòt fòm move tretman, e pou pi piti, genyen 18 moun ki te mouri nan prizon.»

Òganizasyon an kontinye pou di : » Sou pretèks pou yo pini gang, otorite salvadoryen yo komèt vyolasyon Dwa moun toupatou ak flagrans epi kriminalize moun k ap viv nan povrete. Olye pou yo bay yon repons efikas kont vyolans dramatik gang yo koze, ak pwoblèm sekirite piblik peyi a depi lontan, yo pito ap plonje pèp Salvadò a nan trajedi.»

Kesyon anpil moun pa sispann poze, se èske lè yon gouvènman ap mete lòd nan sekirite peyi l, sa tradui otomatikman li vyole Dwa sila k ap teyorize popilasyon an ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841