Papiyon Nwa se tit yon Liv ki chaje ladan l listwa ak eksperyans yon Migran Ayisyen. Oto etnografi sa envite nou fouye eksperyans nan derasisen dèy, tristès ak rezistans lavi anpil moun k ap viv andeyò peyi yo. L ap disponib apati samdi 25 fevriye 2023 a.

Liv sa gen 132 paj ladan l, kouvèti ak ilistrasyon liv sa, se Christelle Valentin ki bay li epi kolaborasyon ak koreksyon se Jimena Fernández. Youn nan rezon ki pouse Robby ekri liv sa a, se pa rapò ak tout eksperyans li fè nan peyi Ajantin nan zafè konferans, deba, rankont, batay pou dwa moun, kote l soti kòm imigran Ayisyèn, emisyon radyo ak yon pakèt lòt ankò pouse l panse ak yon liv t ap mye pou ede anpil moun konprann divès kesyon yo konn toujou poze l.

Nan okazyon konferans deba nan Mize entènasyonal pou demokrasi.

Nan yon ti dyalòg nou gen ak otè liv la ki se Bobenson Glésile, 12 lane ki pral genyen an Ajantin nan, li aprann yon bagay, soti nan eksperyans li kòm migran Ayisyen Nwa , pase pran diferans li fè nan 2 kilti sa yo, kote li soti Ayiti ak sa l ap viv nan peyi Ajantin, li fè analiz sou menm sistèm konparezon politik 2 peyi sa yo, li pale de kouteda, volonte popilè nan eleksyon Ayiti ak ONG yo, li pale de diktati ak kòman wout demokrasi a difisil .

Toujou nan menm liv sa a, li touche pwen kòman li wè ak viv negritid la an Ajentin, jounen konsyans nwa, Ayiti ak tradisyon oral yo, ki moun ou ye ? Nou se Gigen, lang revolisyon a, si Ayisyen gen kilti, Rosario : pasyon pou foubòl e chwazi viv nan yon lòt peyi pa yon deli, men se yon dwa.

Nan lejislati Rosario

Robenson Glésile se non jèn otè liv sa a, li te pran nesans Pòtoprens kapital peyi Ayiti nan lane 1985. Robby se yon aktivis anti-rasis ak defansè dwa moun, li se manm Gwoup Etid Migrasyon (UNR), Ko-fondatè Fondasyon Jèn Mapou Ayiti, panelis nan emisyon radyo ini fwontyè yo, li se kolaboratè ubuntu.es ak analis nan sijè ki gen rapò ak peyi li. Nan lane 2011 li te imigre nan vil Rosario peyi Ajantin kote li rete pou jis jounen jodya . Nan 2022 yo chwazi Robby kòm youn nan 10 jèn moun eksepsyonèl pou pwovens Santa Fe». Papiyon Nwa se premye liv istwa li.

Piblisite peye

Se yon kokenn chenn travay, k ap pèmèt anpil moun kòmanse konprann e abòde sijè Ayisyen an yon lòt jan. Premye prezantasyon liv sa a fèt jounen samdi 25 fevriye vè 11h30 nan maten, nan Mize entènasyonal pou demokrasi ki chita kò l nan vil Rosario, pwovens Santa Fe. Vèsyon dijital la ap disponib avan lontan.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar