Nouvo prezidan peyi Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, kòmanse reponn ak atant popilasyon an atravè aplikasyon politik gouvènman li a

Nan kad yon seremoni ofisyèl ki fèt vandredi 24 fevriye 2023 a, peyi Brezil ak Venezyela ki te pèdi relasyon diplomatik yo parapò ak Jair Bolsonaro ki se alye fidèl Etazini, reprann relasyon sa yo pou yon lòt fwa. Se anbasadè Venezyela a nan peyi Brezil, Manuel Vadell, ki remèt lèt kreyans lan bay sekretè Maria Laura da Rocha.

PIBLISITE PEYE

« Bon nouvèl ! Wout la louvri pou rekòmanse relasyon diplomatik ant Repiblik Federatif Brezil ak Repiblik Bolivaryèn Venezyela a. Mwen selebre nouvo etap fratènite ak koperasyon ant 2 nasyon sè yo. » Deklarasyon chèf leta Venezyelyen an, Nicolás Maduro.

Anbasadè Venezyelyen an nonmen nan Brezil, Manuel Vadell, vandredi ki te 24 fevriye 2023 a epi remèt kopi lèt kreyans lan bay Sekretè Jeneral Afè Etranjè nasyon Sid Ameriken an, María Laura da Rocha, selon sa divès sous ofisyèl rapòte.

Ak lèt kreyans sila, Venezyela re_plase anbasad li nan peyi Brezil, pou pèmèt 2 peyi frè yo kontinye chanje youn lòt, nan sousi pou kontinye ede youn lòt devlope parapò ak retablisman tou nèf sa a.

Ministè Relasyon Etranjè Venezyelyen an te fè konnen nan yon deklarasyon, aprè prezantasyon kopi kalifikasyon yo, 2 diplomat yo te diskite sou nòmalizasyon relasyon bilateral yo ak relouvri anbasad respektif yo nan chak peyi yo.

Direktè Ajans Koperasyon Brezilyen an (ABC), Ruy Pereira, ak Direktè Depatman Amerik di Sid la, Joao Marcelo Galvao, se 2 wo_grade, te prezan nan kad kokennchenn seremoni sila daprè yon kominike pou laprès.

Yon misyon gouvènman brezilyen an deja pwograme pou vwayaje nan peyi Venezyela apati dezyèm semèn mwa mas 2023 a nan lide pou rekòmanse epi apwofondi relasyon bilateral la ak ankouraje komès binasyonal epi gade lòt pwoblèm ki te gen ant 2 peyi yo.

Minis afè etranjè brezilyen an, nan yon mesaj ki afiche sou kont Twitter li, di li konsidere lèt kreyans anbasad la « se yon pati nan restorasyon gradyèl nan relasyon istorik ak estratejik bilateral ke prezidan (brezilyen) Luiz Inácio Lula da Silva ak (Venezuelan) Nicolás Maduro te mete yo dakò.

Sekretè Da Rocha fè fè konnen peyi Brezil enterese kòmanse gade rapidman pwoblèm ki genyen nan koperasyon binasyonal, echanj komèsyal ak dyalòg politik ant peyi vwazen yo ak gouvènman respektif yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841