Ansyen Premye Minis Ayisyen Gerard Latortue, mouri lendi 27 fevriye 2023 a lakay li nan Eta Florid peyi Lèzetazini. Se fanmi li ki rive konfime nouvèl la byen bonè nan maten pou gran piblik la.

M. Latortue te fè yon bon tan ap sèvi peyi a nan koze politik. Li te okipe tèt Ministè zafè etranje Ayiti sou ansyen Prezidan Lesly Manigat. Li te vini nan tèt primati a kòm premye Minis soti 2004 pou rive 2006 kote se te ekselans Boniface Alexandre ki te prezidan provizwa Ayiti.

Ansyen Premye Minis Ayisyen Gerard Latortue te òganize eleksyon ki ta pral mennen ansyen Prezidan René G. Preval sou pouvwa a. Se menm gouvènman li an ki te pran dekrè 8 septanm 2004 pou te mete soupye inite k ap lite kont koripsyon Ayiti (ULCC ).

Aktyèl Premye Minis Ariel Henry ki salye depa Premye Minis Latortue fè konnen ansyen PM Latortue se yon demokrat, yon teknokrat e tou ki te yon bon patriyòt. Ansyen PM Jaques Guy Lafontant,bl bò kote pa l tou, salye depa M. Latortue.

N ap fè remake, ansyen Premye Minis Ayisyen Gerard Latortue mouri a 88 lane sou tèt li, lendi 27 fevriye 2023 a nan eta Florid Ozetazini.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....