Regwoupman popilè pou yon Nouvèl Sosyete (REPONS) te rankontre ak laprès wekenn pase a nan lide pou fikse pozisyon yo sou kriz gaz la ak fenomèn ensekirite a ki lye ak kidnaping nan k ap vale tèren andedan peyi Ayiti.

Pwofesè Cily Lefort kite sèvi kòm pòt pawòl yo nan okazyon an deklare: gaz la se yon pwodwi transvèsal ki rive fè gwo enpak sou pwodwi Premye nesesite yo ak pri transpò a sitou nan gran Nò a. M Cilly Lefort fè konnen jounen jodi a yon moun ki Gonayiv ki prale nan kapital peyi a Pòtoprens y ap bezwen 10 mil goud pou ale retou epi moun k ap soti Pòdepè pou ale Pòtoprens ap bezwen 15 mil goud ki vin pèmet machann yo vin vann pwodwi tet nèg akoz yo pase anpil mizè ak anpil lajan yo depanse pou achte machandiz yo e pou vini ak yo.

PIBLISITE PEYE

Pilwen fòmatè konsèy Nasyonal sosyete sivil Ayisyèn nan (CNSCA) Pwofesè Cily Lefort di sou kriz gaz sa paran yo pa gen bouch pou pale akoz pri taksi ak kamyonèt yo ap sakaje bil yo pou voye timoun yo pran Chimen Lekòl chak jou. Li kontinye pou di kriz sa vin ogmante ensekirite a akoz moun paka manje viv ak bwè ki vin bay mesye ki genyen zam yo aksè pou rekrite jèn fanm ak jèn gason nan gang ki jounen jodi a achte 4 kwen peyi lajan kontan.

PIBLISITE PEYE

Pot pawòl Répons lan di sevre anpil moun ap di pa gen Leta pou jan peyi a ye la men yo menm andan REPONS paka di pa gen Leta men yo estime pito kapab gen feblès epi se moun ki gen pou pran responsabilite yo ki pou asime yo nan mete tèt ansanm yon fason pou peyi a kapab soti nan sitiyasyon difisil li twouvel Jounen jodi a kote popilasyon an paka vakye ak okipasyon yo. Nan sans sa li mande ak Leta santral pou pran responsabilite yo nan chita pale ak PNH la, CSPN pou popilasyon an kapab rale yon souf paske yo pa konnen ak ki Sen pou yo adrese yo ankò

Nap Fè konnen bandi san fwa nilwa yo nan depatman Latibonit vin ogmante piplis akoz grèv polisye yo ki toujou kenbe akoz yo pa reprann travay. Gang yo ap enstale tankou Dijondjon epi achte wout Nasyonal nimewo en lajan kontan gwo lajounen epi kidnape ak touye moun akoz polisye yo vin enpwisan swit a gwo zam fann fwa y ap opere

Israël CEDIEU,centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841