Philippe Juste se non nouvo komisè ki enstale nan komisarya awondisman Gonayiv la aprè midi lendi 27 fevriye 2023 a.

Direktè depatmantal PNH la nan Latibonit, komisè divizyonè Roger Goodson Jeune, ki posede ak enstalasyon nouvo komisè komisarya awondisman gonayiv la, swete nouvo responsab la travay nan tèt kole ak kolèg polisye yo epi ak popilasyon pou yon klima lapè kapab retounen nan jiridiksyon an, pandan l rekonèt tach la pa fasil nan depatman an.

Nouvo responsab komisarya awondisman Gonayiv la bò kote pa l, komisè divizyonè Philippe Juste, nan diskou pa l la, remèsye Direktè depatmantal PNH la nan Latibonit ak wo kòmandman PNH la li di ki fè chwa de li kòm nouvo responsab komisarya awondisman Gonayiv la.

Pi lwen, nouvo kòmandan deklare, avèk konkou kòlèg polisye yo mete ak kolaborasyon popilasyon an, lapè ap retounen nan jiridiksyon an pou kwape bandi malfwa yo ki vle achte depatman Latibonit, espesyalman awondisman Gonayiv la lajan kontan.

Komisè gouvènman premyè enstans Gonayiv la, mèt Sérard Gasius, ki te prezan pandan seremoni enstasyon nouvo kòmandan komisarya a, deklare moman pale fransè a fini se aksyon popilasyon ap tann nan men otorite yo pou kwape aksyon bandi yo ap komèt nan mitan popilasyon an.

Li fè konnen aprè enstalasyon an, aparèy jistis nan vil Gonayiv deja mete li o travay pou fòse bandi yo retounen nan trou yo, yon fason pou fasilite popilasyon an vakye ak aktivite li san okenn difikilte.

Yon lòt kote, komisè minisipal Gonayiv la, Onald Lifaite Jeudy, toujou rete nan pòs li, kontrèman ak enfòmasyon ki ta fè kwè li pèdi pòs la, akoz absans li ki te briye nan komisarya ak nan lari a, depi aprè 6 polisye yo te tonbe anba bal bandi Savyen 25 janvye pase a nan kad yon operasyon.

N ap fè konnen, se te anprezans divès otorite lokal, fanmi, zanmi ak kolèg polisye enstalasyon nouvo komisè divizyonè awondisman Gonayiv la te rive reyalize.

Israël CEDIEU, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841