Yon delegasyon «CARICOM» ki konpoze de peyi Jamayik, Bahamas, Trinidad plis sekretè òganizasyon an vizite Ayiti lendi 27 fevriye 2023 a. Delegasyon sila ki t ap prezide pa premye Minis Jamayiken an, Holnes Andrew di nan yon kominike koze sekirite se pi gwo priyorite aktè Ayisyen li rankontre yo nan kad misyon li a.

Selon komike Premye Minis Anrew mete deyò nan sware lendi 27 fevriye 2023 a, li fè konnen li te chita pale ak Premye Minis Ariel Henry, manb konsèy trazisyon an (HCT), responsab akò Montana, le plaza, lidè politik, moun nan sektè relijye, sektè prive, ak sosyete sivil la. Group sila yo li rankontre a fèl konprann sekirite pou proteje popilasyon an se pi gwo bezwen Ayiti nan moman saa.

Pilwen Andrew fè konnnen CARICOM manifeste volonte pou jwe patisyon pa li pou ede Ayiti retabli stabilite li. Li kontinye pou di yo manifeste solidarite ak Ayiti ki se yon peyi frè ki pap sèlman nan pawòl men nan aksyon.

Nou vle wè Ayiti kenbe tèt li kòm premye nasyon nwa ki endepandan. Nou angaje nou pou nou ede li jwenn pòt pou li soti. Se konsa Premye Minis Holness Andrew pale nan kominike li a.

Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau ki te envite espesyal nan kad misyon sila te dyaloge ak chèf delegasyon an Andrew Holness dimanch 26 fevriye a te profite salye efò CARICOM ap fè pou ede aktè Ayisyen yo jwenn wout dyalòg ak sekirite pou retabli sekirite Ayiti nan ranfòse Polis nasyonal Ayiti a.

Aktè Ayisyen ki te patisipe nan chita pale ak delegasyon CARICOM nan profite salye vizit saa Ayiti ke yo espere ki ka ede Ayiti jwenn solisyon ak kriz la.

Premye Minis Ariel Henry kote pa li te fè konnen sou kont twitè li sekirite pou bon jan eleksyon òganize Ayiti se echanj sa li te genyen ak delegasyon CARICOM nan.

N ap fè remake delegasyon soti delegasyon rantre, lis la long epi promès yo pa chanje pou di y ap ede Ayiti soti nan kriz ensekirite alòske gang yo kontinye ap kontinye okipe plis tèritwa, fè plis kidnapin, vyole plis fanm ak tifi ki ap efondre peyi a chak jou piplis kote popilasyon an ap vivote nan dezespwa ak lamizè.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....