Anviwon twa semèn aprè tranblemandtè mayitid 7.8 ki devaste zòn Sidès peyi Latiki, ki touye plis pase 50 000 kretyen vivan pouse plis pase yon milyon moun nan lari, puiske yo pa gen kote pou yo rete.

Jounalis envestigasyon Murat Agirel revele nan jounal opozisyon an, CUMHURIET, gwoup kwasan Wouj nan peyi Latiki vann ONG AHBAP tant pou 2.3 milyon Ewo, yon nouvèl ki fè anpil tole sou rezo sosyal yo, e ki avili gwoup kwasan Wouj nan peyi saa.

Haluk Levent ki li menm se atis enpi fondatè ONG AHBAP, rekonèt li achte 15 250 tant, ladan yo gen 2 500 li te achte nan Kizilay, gwoup kwasan Wouj, sou twazyèm jou aprè seyis la, pandan otorite Tik yo lanse SOS pou fè don ak ONG kwasan wouj, kizilay, AFAD ki se òganis ki la pou fè entèvanson nan domèn èd imanitè.

Ansanm sitiyasyon difisil sa yo vin rann otorite yo nan peyi a pèdi konfyans popilasyon an chak jou ki jou, alòske yo nan peryòd kote eleksyon ap rapwoche. Nan sans sa a, laprès endepandant ansanm ak opozisyon an nan peyi a fè konnen li ta pi bon pou yo atribye responsabilite yo ak pwofesyonèl, ki gen konpetans nan domèn èd imanitè.

Divès peyi ki aplike sistèm kapitalis la, trè souvan, fè fas avèk anpil ka kòripsyon. Youn nan rezon ki esplike sa, se paske Leta peyi sa yo pa gen tout menmiz yo sou ekonomi peyi a osnon yo fèb parapò ak klas ekonomik la ki dominant.

Fragile Florince, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841