1 200 000 dola ameriken, se montan sa a divès peyi donatè pwomèt pou sekoure pey Yemenn. Lendi 27 fevriye 2023, Nasyonzini òganize yon konferans entènasyonal nan vil Jenèv, pou tante wè si yo va fè yon leve fon pou ede peyi a ki devaste diran 8 lane anba lagè.
Se 31 peyi manm ki tonbe dakò epi deside angaje yo pou soutni aksyon òganizasyon imanitè yo vle poze nan favè Sanaa, kapital peyi a.
Sepandan, montan peyi siyatè yo pwomèt la kat (4) fwa pi piti parapò ak kantite lajan yo te espere resevwa a.
Peyi Yemenn konsidere kòm youn nan pi gran fwaye sivilizasyon nan espas Mwayen Oryan an. Nasyon Yemenit la fonde nan dat 22 me 1990, depi, se yon peyi ki konnen anpil twoub ak enstabilite politik. Se depi nan lane 2014 peyi a ki sitiye li nan eta azi oksidantal, nan zòn Sidwès peyi Arabi Saoudit, tonbe nan yon gè sivil san fen, koz plizyè tribi nan zòn Nò peyi sa a ki santi pouvwa santral la trete yo tankou pitimi san gadò.
Konnen yon gè sivil ant rebèl « Chiit Houtis » yo ak gouvènman Abdrabbo Mansour Hadi, ki li menm eli depi nan lane 2012, aprè revolisyon popilè ki te fèt nan peyi a, ki te debouche sou depa prezidan Ali Abdallah Saleh
Ekonomi peyi Yémen efondre nan yon nivo tèlman kritik, se sèl 50% nan enfrastrikti sanitè ki operasyonèl, pandan plis pase 80% nan popilasyon an ap koupi nan yon povrete ekstrèm. Batay ant Yemenit yo trennen dèyè li plis pase 286 000 moun kouri kite peyi a nan lane 2021, kont plis pase 40 000 nan lane 2022 a.
Kesyon anpil moun ap poze, se ki veritab men ki kache dèyè gè sivil sa a, ki lage peyi a nan gwo katchouboumbe l ap konnen yo, sa fè plizyè lane ?
Fragil Florince, Centre à la UNE.