Prezidan peyi Meksik la Andrés Manuel, reponn sekretè leta ameriken an Antony Blinken, ki mande eleksyon endepandan nan Meksik. Nan yon diskou li te fè avèk anpil modesti, prezidan Manuel reponn USA nan mo sa yo : «Aktyèlman, genyen plis demokrasi nan Meksik pase Etazini». Se sa divès jounalis pibliye sa 28 madi fevriye 2023 a.

Pou jounalis ak kominikatè sosyal Thierry Deronne k ap viv nan peyi Venezyela de 1994, depi yon gouvènman chape poul li anba grif peyi Lèzetazini, rapidman gouvènman ameriken an gentan kalifye de Diktati gouvènman sila.

Peyi Lèzetazini ki kalifye tèt li kòm papa osnon modèl Demokrasi nan mond lan, toujou fè tèt li pase pou mouton achak fwa li jwenn yon gouvènman ki mete l nan bòl grès li. Poutan, yo konstitiye tèt yo an Lyon, osito enterè yo ta sanse menase.

Plizyè peyi nan mond lan, yon fason oubyen yon lòt, pa sispann plenyen agresivite peyi Lèzetazini sou yo, swa sou yon ang politik, ekonomik, sosyal oubyen kiltirèl. Se ka, pa egzanp, Ayiti, Filipin, Kore, Vyetnam, Yougoslavi, Libi, Panama, Venezyela, Kiba…

Jounal French.Xinhuanet ki pibliye anpil sou Washington, fè konnen peyi Lèzetazini se pi gwo destriktè lapè nan tout mond lan, ditou depi aprè dezyèm gè Mondyal la. Pratikman, leta Ameriken atravè tout ajan ak espyon li yo, prèske twouble lapè majorite peyi ki sou latè.

N ap note, nan kad relasyon diplomatik ak jewopolitik, peyi yo pa konn gen zanmi, ni enmi. Sa ki prime pou tout peyi serye, se enterè nasyon li a. Se rezon sa a ki esplike, malgre Meksik se vwazen ak kòkòday Lèzetazini, sa pa anpeche prezidan Manuel pa mete dlo nan bouch li e reponn sekretè leta blan meriken an, Antony Blinken, k ap tante moutre feblès Demokrasi a nan peyi Meksik.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...