Biwo Imigrasyon Ench lan fèmen vandredi 03 mas 2023 a, aprè komisè Gouvènman jiridiksyon an, Edler Guyaume ak sekirite li ta vide gaz lakrimojèn nan foul la, kote fanm ansent, ti bebe, granmoun sou woulèt pa epanye. Ta gen fanm ansent nan oksijè nan lopital Saint-Thérèse, selon divès temwen tankou «GDDHDI Droits Humains».

Divès sitwayen ki pran nan gaz la, se anbilans ak moto ki te transfere yo nan lopital la. Aksyon sila pase nan biwo a, lakòz yon gwo tansyon vè 11 zè 30 konsa nan maten.

Plizyè manm popilasyon an ki vin fè demand paspò yo, pa manke kritike sa k pase a, pandan yo repwoche Komisè Gouvènman jiridiksyon an, Edler Guillaume, ki ta prensipal otè dezòd sila ki eklate nan moman li t ap tante antre nan biwo a.

Jounal Centre à la UNE ki fè anpil demach pou tante jwenn komisè a, yon fason pou jwenn vèsyon pa li sou dosye a, pa t disponib pa telefòn. Toutfwa, mikwo jounal rete byen louvri, an ka li ta swete reyaji.

N ap note, se pa pou premye fwa modèl konpòtman sa yo ap repete nan chèf lye depatman Sant lan. Nan dat ki te lendi 13 fevriye 2023 a, yon gwoup sitwayen nan vil Ench te fèmen menm biwo Imigrasyon sa a.

Pwotestatè yo te fè konnen yo fèmen biwo a pou Leta Ayisyen ka voye plis materyèl, pou responsab yo ka fè plis paspò pa jou. Yo fè te fè kwè yon sèl grenn òdinatè k ap plede friz, p ap ka rive desèvi tout moun k ap fè demann paspò yo.

Pa plis pase 2 semèn aprè, biwo Imigrasyon Ench lan oblije fèmen tout pòt li ankò, toujou lakòz sa ki lye ak demann paspò popilasyon an pa sispann fè, nan sousi pou yo jwenn aksè ak yon paspò, sa k ap pèmèt yo entegre pwogram «Parole» gouvènman Biden nan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...