Yon fanm mouri ak 2 lòt blese pa bal, se bilan yon ensidan ki pwodui 27 fev 2023 a nan Imigrasyon Parc Sainte Thérèse la nan Petyonvil (Ayiti). Selon sa jounal Loop Haiti ekri, temwen evènman an fè konnen se ta yon polisye ki tire sou moun yo, paske l te bezwen fè paspò ki lye ak «pwogram Parole Imanitè» Biden nan.

Depi aprè lansman ofisyèl pwogram Biden nan jedi 05 janvye 2023 a, nan tout sektè nan vi nasyonal la, sitwayen Ayisyen yo pa sispann plase demand paspò yo. Sa ki vin ogmante konsiderableman nivo demann yo nan tout peyi Ayiti. Douvan espas imigrasyon yo oubyen nenpòt lòt kote yo resevwa dosye pou fè paspò, ou pa ka pike yon epeng, tèlman gen anpil moun k ap fè demann.

Avan pwogram sila, pou yon Ayisyen te gen yon paspò an Ayiti, li te bezwen ant 12 a 15 000 goud. Selon temwayaj divès demandè, kèlke jou aprè lansman pwogram nan, yon sitwayen Ayisyen bezwen plis pase 25 a 30 000 goud pou gen aksè siyen yon paspò, selon zòn li ye a, selon moun k ap fè travay la pou li a.

Pou yon Ayisyen fè yon paspò, li pa sèlman bezwen 25 a 30 000 goud, men dèfwa sitwayen sa yo oblije ale dòmi douvan espas imigrasyon an oubyen fòk li la depi 4 osnon 5 kè nan maten. Sitiyasyon sa yo fè peyi a sonje kouman 5 dènye mwa nan lane 2022 a, sitwayen Ayisyen yo te konn tonbe nan obligasyon pou al chita douvan yon bank depi 2, 3, 4 trè nan maten, nan sousi pou jwenn yon plas pou fè yon tranzaksyon.

Selon sa Loop Haïti pibliye, yon moun rive pèdi vi epi 2 lòt blese anba kout bal yon polisye nan Pòtoprens. Miragwàn se komisè Muscadin ki oblije kanpe zam a la men pou ede sitwayen yo fè yon paspò. Nan komin Beladè, selon sous jounal la, yon ekip sitwayen ak gwo zam konn bloke biwo a, nan sousi pou fè moun pa yo rive pase (pou enterè yo), pandan malere pa sispann koupi anba lamizè, ap pase 10, 15 jou nan espas biwo a, san yo pa rive depoze dosye yo, puiske se gwo zouzoun ak nèg ak zam k ap fè lalwa la anlè a.

Sitiyasyon sa yo ki tèlman depase limit, konn lakòz a plizyè repriz de senp sitwayen itilize gaz lakrimojèn, tire kout bal lè foul la twòp, pou gaye yo epi regle zafè yo ki se brase lajan ak sila ki kapab peye yo. Sityasyon pou fè yon paspò nan vil Ench pa diferan, se gwo mas lajan, gwo zouzoun ak gwo nèg ki gen aksè pou rive depoze pyès yo pou siyen yon paspò.

N ap note, divès moun fè nou konnen malgre yo te bay fè paspò yo avan menm pwogram Biden nan te lanse, jiskaprezan nan mwa mas 2023 a, yo pa ko kapab jwenn paspò yo, paske pa gen suivi ki fèt pou moun sa yo, puiske se ant 12 a 15 000 goud yo te peye pou fè paspò yo, selon fason yo temwaye.

Nan sans sa a, anpil moun k ap suiv sitiyasyon difisil sa yo nan peyi a, pa sispann fè gwo deba, poze kesyon nan mande, finalman, kisa Ayisyen fè l ap peye ? Èske swa dizan dirijan ki la yo pa janm pran yon ti tan pou gade eta mas pèp Ayisyen an ap soufri sou pwòp teritwa yo ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841