Responsab yo nan Direksyon Depatmantal Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral nan Latibonit (DDA-A), lanse ofisyèlman fòmasyon sou ranfòsman komite jesyon ponp asistèm solè yo nan bas plèn Gonayiv, maten mèkredi 1e mas 2023. Objektif Fòmasyon sa a, selon Direktè biwo kominal Agrikòl Gonayiv la (BAK), Agwonòm Pierre Francy, se pèmet komite k ap jere ponp yo ranfòse kapasite yo nan kesyon jesyon dlo.

Agwonòm Pierre fè konnen, fòmasyon sa ap dire 4 mwa pou anviwon 55 plantè ki soti nan zòn 1 ak 2 nan Nivo bas plèn Gonayiv la. Li deklare aprè fòmasyon sa a, atant yo se rive genyen yon komite jesyon nan ponp ki djanm ak nan Asosyasyon perimèt irige yo onivo bas plèn lan yo estime ki te genyen anpil vid.

Plizyè peyizan plantè ki t ap patisipe nan fòmasyon sa felisite responsab yo nan Direksyon Depatmantal Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral nan Latibonit, yo di ki pran inisyativ sa pou ranfòse kapasite yo nan kesyon jere dlo nan perimèt irige yo ak nan Asosyasyon yo. Sitwayen sa yo fè konnen fòmasyon sa pral pèmet yo jere pi byen Asosyasyon yo ak dlo yo nan perimèt irige agrikiltè yo mande ak responsab yo nan ministè Agrikilti, pou kontinye ak jan aktive sa yo ki, daprè yo, enpòtan anpil pou yon Devlòpman dirab nan sektè Agrikòl la.

Fòmasyon sa finanse pa Bank Entè-Ameriken Devlòpman (BID) atravè Pwogram Inovasyon Teknoloji nan Agrikilti ak Agwoforesteri k ap kòdone pa MARNDR finansman sa a bay.

N ap raple, bank Entè-Amerikèn Devlòpman (BID) atravè Pwogram Inovasyon Teknoloji nan Agrikilti ak agwoforesteri deja enstale 29 ponp asistèm solè nan bas plèn Gonayiv ki ap reyalize seri fòmasyon sa yo pandan 4 mwa nan nivo 5 zòn bas plèn nan, nan lide pou ranfòse kapasite komite ponp yo ak Asosyasyon yo pou yo ka dire lontan an.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre a la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841