Prezidan Macron prezante estrateji diplomatik ak militè Lafrans pou kontinan Afriken an
Prezidan fransè a Emmanuel Macron, di li montre « pwofon imilite li anfas tout sa k ap pase sou kontinan Afriken an », nan kad yon diskou li pwononse lendi 27 fev 2023 a nan palè Elize peyi Lafrans, ki lye ak estrateji diplomatik ak militè Lafrans an Lafrik, kontinan sou ki, enfliyans li yo trè konteste. Li fè diskou sila avan vizit li 29 fev 2023 a an Afrik.
Lafrans dwe montre pwofon imilite li an Afrik. Se konsa, diskou Emmanuel Macron an te kòmanse nan Palè Elize a. Yon diskou ki konsakre sou estrateji diplomatik ak militè Lafrans sou kontinan Afriken an. Chèf Leta fransè a esplike nouvo vizyon li genyen sou Lafrik.
Yon lòt kote, prezidan Macron anonse nan diskou li a yon « lwa kad » sou travay atizay, ki pral pèmèt Lafrans remèt peyi Afriken yo yon ansanm zèv atistik peyi sa yo Lafrans te akapare nan tan pase yo. Ki donk, Macron pwomèt Lafrans ap remèt tout zèv sa yo.
Emmanuel Macron di li montre imilite pwofon li fas ak tout sa k ap jwe sou kontinan Afriken an, yon sitiyasyon san parèy nan listwa ak yon ansanm defi li evoke, tankou kesyon sekirite, defi klima, ak demografik nan kontinan an.
Li detaye vizyon patenarya li ak peyi Afriken yo ak direksyon li gen entansyon pran pandan dezyèm manda li a. « Lafrans vle bati yon nouvo relasyon ekilibre e resipwòk ak peyi yo nan kontinan Afriken an ». Konsa, li evoke, pa egzanp, yon nouvo pwogram ekonomik Lafrans pote ki rele « Chwazi Lafrik 2 », nan miltipliye envèstisman fransè nan devlopman plizyè peyi Afriken.
Prezidan fransè a Emmanuel Macron fè konnen Lafrans te sipoze pran yon responsablite egzòbitan nan kad angajman militè li nan peyi Mali. Li deklare angajman Lafrans nan batay kont jihadis yo nan Sahel ap rete yon fyète imans ak pou Lafrans ak lòt alye yo ki te rejwenn yo.
Emmanuel Macron anonse Lafrans pral sèlman gen baz militè an Afrik pou jere teritwa a ak peyi Afriken yo, ak yon rediksyon vizib nan mendèv li yo, pandan ap genyen yon ogmantasyon o nivo fòmasyon ak ekipman.
Li asire transfòmasyon sa yo pral kòmanse nan mwa k ap vini la yo, ak yon rediksyon vizib nan mendèv yo genyen yo ak yon ogmantasyon nan pouvwa nan baz militè franse yo ak patnè Afriken yo.
Jodi a, peyi Afriken yo kapab chwazi patnè yo lib e souverennman, e sa a bon pou yo. Sa se mesaj sekretè Deta pou Devlopman an, Chrysoula Zacharopoulou.
Nathalie Yann ki se yon aktivis epi enfliyansè Afriken, bay pozisyon li konsa sou dènye diskou Macron an : « Bò kote m, mwen pa gen okenn nostalji vizavi Françafrique la, men mwen pa vle li kite yon vid dèyè li. Emmanuel Macron pa sèlman admèt egzistans Françafrique la, men tou li dakò Françafrique la kontinye egziste jouk jounen jodi a. »
Anpil sitwayen avize k ap suiv de prè politik Lafrans lan sou kontinan Afriken an, kwè se gras ak jefò elit entèlektyèl Afriken an ki pote anpil limyè, sa ki fòse Macron genyen yon tèl diskou epi pran de lòt oryantasyon pou kontinan Afriken an.
Kemy Seba, Nathalie Yanbe ak lòt enfilyansè Afriken konte anpil nan kad deplasman sa yo, gras ak divès kalite batay yo pa sispann mennen swa an Afrik oubyen nan rès mond lan, pandan an Ayiti, pèp la pa sispann mande jis kilè peyi a ap gen yon elit entelektyèl solid tankou jèn Afriken sa yo, ki kapab pèmèt kominote entènasyonal la sispann toufe Ayiti.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.