Nan yon kominike pou laprès Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA) mete deyò vandredi 17 mas 2023 a, yo rapòte genyen anviwon 4.9 milyon moun an Ayiti k ap viv nan ensekirite alimantè.

4,9 milyon moun nan sitiyasyon ensekirite alimantè e nesesite yon èd imanitè an ijans (kominike près IPC mas 2023).

Selon dènye rezilta CNSA/ IPC sòti, yo fè konnen gen 4,9 milyon moun k ap viv nan yon ensekirite alimantè egzajere e moun sa yo nesesite yon asistans imanitè pou peryòd mas rive jen 2023. CNSA presize yo remake genyen yon ogmantasyon 48 a 49% pa rapò ak pwojeksyon ki te fèt yo.

Selon kominike a, se rezilta yon ansanm faktè tankou ; goud la k ap pèdi eskanp figi l parapò ak dola ameriken an, monte gang yo ki paralize aktivite ekonomik yo nan zòn metwopolitèn nan (Lwès ak sid) e nan yon bon pati nan gran Nò a. Ajoute sou yon mank pwodiksyon agrikòl, prezans epidemi kolera a, k ap monte. Yo estime tout sitiyasyon difisil sa yo lye ak èd imanitè yo ki bese nan peyi a.

Responsab Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA)/ IPC te analize 15/32 zòn ki nan yon sitiyasyon kritik pou pwodui rapò sila.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....