Direktè adjwen dwàn Pòtoprens lan, Joseph Amorce Morelus, jwenn revokasyon li pou koripsyon. Nan yon lèt ki date 29 jen 2023, Direktè Jeneral la revoke l paske li otorize livrezon plizyè kontenè dèyè do lalwa.nike air max for sale best human hair wigs best human hair wigs Human Hair wigs best jordan 4 nike air max terrascape 90 men’s shoes shop jordan adidas for sale nike air jordan black new nike air max 2023 adidas for sale custom hockey jerseys cheap jerseys buffalo bills apparel adidas outlet store orange

Selon sa nou li nan lèt revokasyon an ki date 29 jen 2023, yo revoke l paske li te otorize livrezon plizyè kontenè san yo pa t verifye epi san bòdwo nan pò Lafito.

Direktè revoke a te pran desizyon sila dèyè do atik 188 ak 199 dekrè lwa 2005 sou estati yon fonksyonè, selon sa direktè jeneral dwàn nan mansyone nan lèt la.

Nan dènye moman sa yo, resèt Ladwàn pa sispann monte.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841