Afwo-Ameriken Izaye Eubanks ki gen 22 lane, pral pase 20 lane nan prizon daprè sa Pwokirè distri Sid nan #Ohio a, Kenneth Parken deklare. Selon responsab yo, Izaye se yon jèn gason ki pa vle wè Ayisyen, ki pran plezi nan vòlè lajan, telefòn, kase machin epi agrese Ayisyen yo.

Izaye Eubanks te jwenn arestasyon l epi kondane pou pase 20 lane nan prizon pou krim rayisman rasyal sou pi piti uit (8) sitwayen ayisyen. Li te vize moun sa yo nan mwa janvye ak fevriye ane sa a lè li te komèt « divès kalite atak, ak yon vòl machin kont ayisyen yo sou baz move pèsepsyon sou orijin nasyonal viktim yo », daprè yon deklarasyon DOJ.

Tracker ayisyen sa t ap vwayaje nan Springfield pou chèche moun li te kwè ki ta ayisyen, li atake yo, li bat yo epi frape yo anvan li vòlè lajan, telefòn selilè, machin ak/oswa lòt bagay pèsonèl yo, deklarasyon DOJ.

Finalman, daprè yon egzanp espesifik ki montre metòd prefere Eubanks pou krim li fè kont Ayisyen yo, daprè sa Depatman Jistis Etazini (DOJ) pataje :

« Nan dat 29 janvye, Eubanks te atake epi vòlè yon viktim pandan li te sou wout pou l voye $300 lajan kach bay manman l an Ayiti. Eubanks te bay viktim lan yon kout pwen nan dèyè tèt li ak nan kou. Li te fè l pèdi konesans pandan yon ti tan, epi vòlè lajan viktim lan, telefòn selilè ak kat ATM li. Menm jou a, Eubanks atake yon lòt viktim pandan y ap kite yon mache ayisyen. Li te pran viktim lan nan chemiz, rale l sòti nan machin li epi ba li yon kout pwen nan figi l anvan li vòlè machin viktim nan ».

Finalman Izaye pral pase 20 lane nan prizon pou tout abi li fè sou Ayisyen yo. Otorite yo fè konnen yo pap aksepte pyès konpòtman rasis nan Eta Ohio.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841