Ansyen PM Jean Max Bellerive ak madanm li Myriam Estevez Bellerive, plis 2 pitit li yo, Diana Jennifer Bellerive ak Jessica Bellerive, ansyen Senatè Nenel Cassy ak madanm li Katherine Cassy Chery plis yon pitit li, ansyen Senatè Hervé Fourcand ak tout fanmil sanksyone lendi 11 Desanm 2023 a pou koripsyon. Se Etazini ki sanksyone yo.

Jean Max Bellerive te premye minis sou prezidans René Garcia Preval sanksyone ak tout fanmil akoz li te itilize pozisyon politik li te okipe a pou li fè koripsyon ki sal imaj leta Ayisyen daprè atik 7031(c) a. Se sa nou li nan kominike Depatman deta Ameriken pibliye a.

Hervé Foucan ki te eli Senatè pou Depatman Sid lan nan lane 2015 tonbe anba menm sansyon sa yo tou paske li itilize pouvwa li te genyen kòm Senatè pou li fè zak koripsyon ki sal entegrite Leta ayisyen.

Senatè pandan 2 fwa nan lane 2006 ak 2015 Nenel Cassy sanksyone ak tout fanfil li tou pou menm koz la.

Se pa sèlman aktè politik ayisyen Etazini sanksyone. Nan lis la ki genyen anviwon yon 30 tèn pèsonalite ki repati nan kat peyi sa yo: Ayiti, Afganistan, Liberya ak Repiblik Dominikèn.

Plizyè pèsonalite ki lye ak politik Dominiken ki tonbe anba sanksyon Etazini yo se: Roberto Rosario, Ángel Rondón Rijo ak Félix Bautista akonpaye Jean Alain Rodríguez.

Lis moun sa yo Depatman Ameriken sanksyone yo, viza ameriken anile, byen yo jele akoz yo patisipe nan zak koripsyon.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....