Gouvènman ameriken an anonse li sispann sanksyon li te pran kont peyi Kolonbi yo, suit ak yon akò 2 peyi yo pran.Nan yon kominike lamezonblanch pibliye, aswè dimanch 26 janvye 2025, li fè konnen Kolonbi asepte kondisyon pou depòte migran ilegal yo nan avyon militè.

Se peyi Etazini ki anonse nouvèl la avan. Nan yon nòt Pòt-pawòl White House la Karoline Leavitt pibliye, byen ta ayè dimanch 26 janvye a, administrasyon Trump lan di gouvènman Kolonbyen an aksepte tout kondisyon yo, pami yo, « aksepte san restriksyon », tout migran Kolonbyen ilegal k ap soti Etazini, nan avyon militè ameriken, « san limit, san reta ». Se sou baz sa a, Washington anonse li leve tarif ak sanksyon ekonomik yo, men li toujou kenbe sanksyon viza a, jiskaske premye avyon depòte yo ateri Kolonbi.

Bò kote pa yo, gouvènman Kolonbyen an konfime te gen yon echanj ak Etazini sou dosye a, ki te vin debouche sou yon akò. Kontrèman ak sa Lamezon Blanch di, Cancilleria Col ki se Ministè Afè Etranjè peyi Kolonbi di li menm, se yon avyon prezidansyèl ki dispoze pou fasilite konpatriyòt Kolonbyen yo retounen nan peyi yo. Pou fè suivi akò ki jwenn nan, gen yon delegasyon Kolonbyèn k ap gen pou rann yo nan Washington, nan èd tan k ap vini yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841