Pòtoprens, 3 avril 2025 — De jou an jou, laterè, ak ensekirite ap vale teren nan depatman Sant lan, sitou nan komin Mirebalè ak Sodo. Lendi 31 mas ki sot pase a, gang ame mete tèt yo ansanm pou simen laterè, touye, vyole epi lage dè milye moun sou wout egzòd.

Kolektif Défenseurs Plus, yon òganizasyon angaje nan defans dwa moun, lanse yon apèl ijans bay otorite Leta ak kominote entènasyonal la pou reponn kriz sa a ki kontinye ap devlope nan Plato Santral la.

Masak, laterè, ak egzòd

Nan maten 31 mas lan, gang ame anvayi vil Mirebalè, kote yo lage plis pase 500 prizonye ki te nan prizon sivil la epi atake plizyè katye. Yo vyole, asasinen sitwayen ak sitwayèn san defans, enkli relijye ak relijyez. Daprè enfòmasyon ki disponib, plis pase 30 moun ta pèdi lavi yo nan masak sa a, toujou Kolektif Défenseurs Plus kap pale.

Aksyon sa yo lakoz dè milye rezidan kite lakay yo anba kout bal pou chèche refij. Anpil enfrastrikti detwi, tankou prizon Mibalè ak plizyè kay relijye. An paralèl, komin Sodo sibi vyolans menm jan, sa ki agrave plis kriz imanitè a nan zòn lan.

Silans Leta ak endiferans Konsèy Prezidansyèl la

Kolektif Défenseurs Plus denonse ak tout fòs li pasivite gouvènman an ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki pa bay okenn repons klè ni efikas devan sèn laterè sa yo. Òganizasyon an estime inaktif sa a se yon vyolasyon grav dwa pèp Ayisyen genyen pou l viv an sekirite ak diyite.

Antonal Mortimé,kodirektè òganizasyon sa lanse yon apèl pou solidarite ak aksyon

Fas ak sitiyasyon grav sa a, Kolektif la mete aksan sou nesesite pou gen yon mobilizasyon sitwayèn òganize, ki kapab fè fas ak vyolans gang yo ak neglijans otorite yo. Li mande:

  1. Ogmantasyon rapid prezans Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan zòn nan;
  2. Entèvansyon Kwawouj Entènasyonal pou ede ak ranmasaj ak anterman viktim yo;
  3. Angajman òganizasyon entènasyonal yo tankou Nasyonzini ak OEA pou mete presyon epi ede soulaje kriz la.

“Pwoteksyon dwa moun se responsabilite tout moun,” jan sa ekri nan kominike Kolektif la. Li mande tout aktè – ni nasyonal ni entènasyonal – mete tèt ansanm pou mete fren ak sik vyolans sa a epi retabli lapè ak sekirite ann Ayiti.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar