Anba enstriksyon Direktè Jeneral a.i Polis Nasyonal d’Ayiti a Rameau NORMIL, responsab yo nan wo kòmandman an remèt DDC yon lo ekipman konba ayè mèkredi 9 avril 2025 la, yon fason pou konbat ak efikasite gang ame ki anvayi popilasyon sivil la nan Sodo ak Mibalè, selon sa responsab PNH yo pibliye jedi 10 avril la.

Responsab yo di yo kwè remèt ekipman sa yo se yon pati nan ranfòsman kapasite operasyon polisye yo ki angaje nan yon gwo batay kont gang ame k ap fin kraze komin Mibalè ak Sodo. Yo di Polis Nasyonal la gen entansyon bay yon « repons pwopòsyonèl » ak abi gang ame komèt epi netralize yo, yon fason pou pèmèt sitwayen yo retounen nan aktivite nòmal yo ak yon lapè total.

N ap note, jedi 10 avril 2025 la fè egzakteman 10 jou depi gang ame yo nan kowalisyon Viv Ansanm te anvayi komin Sodo ak Mibalè, kote yo tiye, piye, boule, kraze epi brize.

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841