Pandan selebrasyon premye tit chanpyon Paris Saint-Germain nan Lig dè Chanpyon an, samdi 31 me 2025 lan, Lafrans viv yon nuit kè kontan ak kriye. Sa tounen mal lè pou pi piti 2 moun mouri, pami yo yon adolesan 17 lane avèk kout kouto, ak yon jèn gason 20 lane yon machin frape. Yo resanse plizyè santèn ka dife, pami yo plis pase 260 machin boule, epi plis pase 500 arestasyon fèt, pami yo 490 nan Pari, daprè medya fransè yo.

Yon final avèk mannyè Paris Saint-Germain genyen lè li imilye Inter Milan (5-0), nan vil Minik (an Almay), pou li ranpòte wo lamen premye twofe li nan Lig dè Chanpyon. Yon tit ki fè moun kontan, e tou ki mete dlo nan je, lè plizyè moun viktim epi anpil dega materyèl fèt.

Aprè rankont lan, plizyè rejyon nan peyi Frans, sitou vil Pari t ap fete. Fanatik PSG yo te debòde avèk lajwa ak lakontantman sa ki lakòz tansyon an te monte epi li debouche sou vyolans.

Premye bilan yo pale de 2 moun mouri. Viktim yo se yon adolesan 17 lane endividi touye ak kout kouto, epi yon jèn gason 20 lane yon machin pase pran pandan li te sou yon motosiklèt, daprè jounal fransè yo pami yo L’Équipe. Aprè lanmò trajik sa yo, yo resanse tou prèske 200 sivil blese, pami yo 4 blese gravman.

Yon lòt kote, 22 polisye ak 7 sapè-ponpye blese pandan manifestasyon lakontantman nan lari a.

Konsènan dega materyèl yo, medya yo rapòte 692 bagay yo mete dife, pami yo 264 machin boule.

Pou reyaji, fòs lòd fransè yo debake e yo arete plis pase 560 moun, pami yo 491 nan Pari, ki se kapital peyi a. Pou pi piti 320 moun kenbe nan gadavi.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841