Nan kad yon rankont ak laprès ki te fèt nan Villa d’Accueil, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Mesye Fritz Alphonse Jean, te resevwa senk jounalis pou yon sesyon kesyon-repons ki te dire anviwon 1 èdtan 40 minit. Sa te sipoze yon moman transparans, yon okazyon pou mete klè sou vizyon KPT a sou kriz nasyonal la, pou esplike direksyon gouvènans li, ak angajman konkret pou retire peyi a nan dezòd li ap tranpe ladann.
Men, konsta a se plis desepsyon pase espwa. Nan tout entèvansyon li yo, Fritz Alphonse Jean parèt plis kòm yon obsèvatè, yon moun ki chita sou galri ap gade dife a boule, olye li montre tèt li kòm yon aktè k ap pote solisyon, ki konekte ak misyon li.
Li pale de kriz la tankou yon analizè, tankou yon ekspè, men li pa janm parèt kòm yon lidè ki gen plan, estrateji, ni aksyon konkrè.
Pire ankò, sa ki pi frapan se pòz pa-sou-kont mwen ki travèse tout langaj li. Lè w ap tande repons li yo, w ap mande tèt ou si mesye sa a konnen egzakteman pou kisa li chita sou chèz sa. Se pa dominasyon pwojè ki transpire nan pawòl li, men yon dezoryantasyon jeneral, yon flou sou responsablite, yon absans planifikasyon. Si li pa konn kisa l ap regle, ki mesaj li voye bay tout popilasyon k ap tann sekou?
Plis rankont la avanse, plis mank kowòdinasyon an tounen pi klè. Fritz Alphonse Jean pa bay okenn siy ke gen travay ekip ant Konsèy la, Kabinè Premye Minis la ak ministè yo. Olye l mete aksan sou kolaborasyon ak aksyon kolektif, ou tande chak aktè ap regle zafè pa yo, chak branch gouvènman an ap fonksyone an silans, san kowòdinasyon, san vizyon pataje. Sistèm lan pa fè kò, li tounen makòn fragman.
Langaj Fritz Jean montre yon lòt verite: nan mitan Konsèy Prezidansyèl la menm, pa gen amoni. Li kite konprann ke lòt konsèy yo ap jwe pou tèt yo, chak moun ap reprezante enterè pa yo, gen chire pit, ti estrikti paralèl, alòske se yon gouvènans kolektif ki te sipoze garanti transparans ak aksyon efikas. Koripsyon kontinye gagannen espas piblik la. Olye yo mete lòd nan Leta, se fòmil pa yo yo chita mete.
Kisa KPT la mete sou pye pandan tout tan li la? Ki vizyon, ki repons? Okenn estrikti pa fonksyone pou mete peyi a sou wout rekonstriksyon. Okenn angajman pa kenbe pou sekirite, pou jistis, pou refòm. Pami tout 9 manm yo, chak moun fè ti rasanbleman pa yo, ti pwojè pa yo, ti makonnen pèsonèl pa yo. Peyi a rete an dezòd, san konpa, san plan, san sans.
Chita pale Fritz Alphonse Jean te sipoze bay limyè. Men li bay plis fènwa. Li te sipoze ranfòse konfyans, men li mete plis dout. KPT la, jan nou wè l la, pa janm gen yon vizyon klè ni objektif kolektif pou soti Ayiti nan kriz. Sa nou wè, se chak nèg ap regle zafè pa yo, chak ap chèche plas, chak ap mete frak pou “reprezante” san rezilta.
Se pa gouvènman nou jwenn. Se yon tablo dezòd ak pwofi pèsonèl.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une