KRITIK:

Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT), Fritz Alphonse Jean te rankontre yon gwoup nan sosyete sivil Mibalè a madi 10 jen 2025 nan Piyon. 22 jou aprè, mèkredi 2 jiyè 2025, Leta pa adopte okenn mezi serye pou pèmèt a plizyè milye deplase pou kapab retounen lakay yo.

Pandan rankont sila, diskisyon yo te dewoule sou retabli sekirite epi garanti lòd sosyal. Kòdonatè KPT a, Fritz A. Jean te tande e pran nòt sou divès entèvansyon ki te fèt yo epi pwomèt sitiyasyon Mibalè ak Sodo a pral sou tab diskisyon yo nan Vila akèy la pou bay yon repons avèk 2 komin sa yo ki anba men gang depi 31 mas 2025.

Popilasyon deplase Mibalè ak Sodo yo ap konnen tout move sitiyasyon. Nan rankont lan, gwoup nan sosyete sivil la ki te prezan te fè yon pledwaye pou yon retou kounya popilasyon 2 komin yo lakay yo. Men tou, èske sosyete sivil la dispoze pouvwa ofisyèl pou fòse Leta pou fè yon bagay ? Non.

Yon gwoup avoka ki fè pati bawo Mibalè a te pote plent kont Leta ayisyen nan non popilasyon deplase Mibalè ak Sodo yo. Avoka konstitiye yo te prezan jedi 26 jen 2025 lan nan kad pledwari aksyon yo te entwodui pa-devan jiridiksyon refere yo nan Tribinal Premyè Enstans (TPI) Ench lan kont Leta ayisyen.

Yon lòt bò, reprezantan Leta, direktè jeneral Direksyon Jeneral Enpo (DGI) a Romial Petit te mande pou mete sou kote tout jij TPI Ench yo nan dosye ki mete fas a fas Leta ak popilasyon deplase Mibalè ak Sodo yo. Direktè jeneral DGI a te bay plizyè rezon poukisa li rekize ansanm Majistra k ap egzèse fonksyon jij refere nan Tribinal Premyè Enstans Ench lan atravè ak rekizasyon an mas li a, madi 24 jen 2025.

Pi gwo satisfaksyon gwoup nan sosyete sivil sila se ta wè ak tande Leta pran divès mezi pou pèmèt a plizyè milye deplase pou kapab retounen lakay yo. Men, ki Leta ? Leta peyi Ayiti ? Antouka !

Pelig plonje Pòtoprens nan blakawout, yon lòt fwa ?

Aprè 2 semèn blakawout, Pòtoprens prè pou li rewè limyè. Men, se pa gras a Pelig. Abitan Mibalè ak Sodo bloke pi gran santral idwo-elektrik peyi a pou egzije sekirite, men dirijan yo mete sou kote santral la. Leta ki pa sansib avèk revandikasyon sitwayen yo prefere relanse kouran an apati Kafou ak E-Power. Pandan kapital la retwouve elektrisite, depatman Sant lan livre avèk gang epi anba endiferans otorite yo.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841