Nan objektif pou devlope yon sinèji ant aktè ki ap chèche solisyon dirab pou pwoteje ak prezève anviwonman, direksyon depatmantal anviwonman Sant reyalize 6zyèm sesyon tab sektoryèl li sou anviwonman ak klima nan bibliyotèk vil Emch nan mitan mwa oktòb 2025 la.

Inisyativ sa pran nan kad « programme d’appui de l’alliance mondiale contre le changement climatique et l’adaptation pour le dévéloppement des energies vertes. » e ki jwenn sipò LINYON EWOPEYÈN.

6zyèm sesyon tab sila te reyini divès otorite tankou reprezantan vis-delegasyon Ench, lameri, lapolis ak òganizasyon nan sosyete sivil la plis notab plizyè komin nan depatman an.

Marc-Albert Calixte ki se yon kad nan direksyon depatmantal la te fè yon prezantasyon sou kanpay nasyonal prelèvman echantiyon sòl.

Yon lòt pa agronòm Jean Dumanes te prezante yon tematik pou sansibilize patisipan yo sou chanjman klimatik ki se yon gwo menas sou kominote ayisyèn nan. Kote li te mande tout moun pou devlope yon konpòtman responsab nan tout aksyon y ap poze pou evite jenerasyon ki ap vini aprè yo peye tèt kase.

Responsab tèren òganizasyon entènasyonal HEIFER a Robenson Noël, prezante yon ansanm aksyon òganizasyon an ap fè nan depatman an. Li presize pou di: HEIFER kreye plizyè platfòm kominotè kote yo entèvni sou twò komin fwontalye tankou: Tomond (Lawòl), Tomasik (Losyann), Sèkalasous (Lamyè) nan projè agri-front yo genyen pou bay bourad ak agrikilti nan kominote sible yo.

Direktè depatmantal sant lan Yves Augustin, ki te pran lapwòl nan okazyon an fè konnen anvironman pa sèlman depann de yon grenn aktè men pito plizyè aktè se sa ki fè yo vini ak lide tab sektoryèl pou tout aktè ka pote kole pou yon anvironman sen. Direktè a rapousib pou di tab sektoryèl la kreye tou nan lide pou gade kisa patnè yo ap fè nan inisyativ anvironmantal yo ke yo lanse yo. Egalman sansibilize popilasyon an sou angajman yo dwe pran pou pwoteje anviwonman.

Plizyè patisipan te konplimante inisyativ la tankou agronòm Alexander Placide, Remy Raphaël epi pran angajman pou kontinye lite nan kominote yo pou kontribye pou yon anvironman akseptab pou moun viv.

N ap raple direksyon depatmantal anviwonman an reyaktive yo komite sitwayen ak ekspè pou gade kòman yo ka reflechi ansanm pou jwenn solisyon pou jere koze dechè nan chèf lye depatman an. Yon inisyativ majistra Midelove ADRIEN ki te prezan akeyi ak de (2) bra.

PIBLISITE PEYE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....