Melissa ap rapousuiv ap trajektwa l epi li demere yon menas potansyèl pou peyi tankou Ayiti, Jamayik ak Repiblik dominikèn, daprè sèvis meteyowolojik Etazini. Tanpèt la pase nan kategori 4 pandan mwa oktòb la. Van yo entansifye ak avès yo ap miltipliye.

Nan Kingston, an Jamayik, plizyè katye deja sibmèje. Bilan pwovizwa fè eta kat (4) mò. An Ayiti, twa (3) mò resanse nan Gran Sid, yon zòn plase an alèt wouj.

Otorite yo mande popilasyon an pou vijilan epi egzòte yo pou suiv alalèt konsiy ofisyèl yo. Daprè previzyon yo, je Melissa ta dwe kite rejyon an disi madi.

Sou enfliyans Melissa, ki transfòme an ouragan kategori 1, depatman Sid ak Grandans plase dezòmè an eta vijilans wouj. Daprè previzyon responsab sèvis meteyowolojik Ayiti yo, Melissa aktyèlman sitiye a anviwon 500 km sou kot ayisyèn yo, li akonpanye ak van vyolan k ap soufle jiska 200 km/h ak gwo avès ki kapab pwovoke glisman tèren ak inondasyon.

Pwoteksyon sivil envite moun ki rete nan zòn a ris yo pou deplase epi entèdi tout aktivite kabotaj. Li mande tou pou respekte alalèt konsiy sekirite yo.

N ap fè remake plis pase yon dizèn moun deja viktim pami yo twa (3) mò nan depatman Sid.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841