Kongrè Etazini an vote yon nouvo lwa ki rele Haiti Criminal Collusion Transparency Act, ki enkli nan National Defense Authorization Act. Yon fwa Prezidan Donald Trump siyen lwa sa a, li pral oblije gouvènman ameriken an mennen ankèt sou manm elit politik ak ekonomik ann Ayiti ki kolabore ak gang vyolan, fè rapò sou zak sa yo, epi enpoze sanksyon kont moun yo jwenn koupab, daprè sa Miami Herald rapòte jedi 18 desanm 2025.

Se sèl gwo lejislasyon konsènan Ayiti Kongrè a adopte pandan ane sa a. Lwa a te pote pa depite demokrat Gregory Meeks ki soti New York, ki se manm enpòtan nan Komisyon afè etranjè chanm depite a, ansanm ak senatris Jeanne Shaheen ki soti New Hampshire, yon lidè demokrat nan Komisyon relasyon etranjè sena a. Senatè repibliken Florid la, Rick Scott, se youn nan ko-patwon lwa a tou.

Yon fwa lwa a antre an aplikasyon, li pral mande sekretè deta ameriken an soumèt li bay Kongrè a, pandan senk (5) ane k ap vini yo, yon evalyasyon detaye sou dimansyon ak nati kolizyon kriminèl ann Ayiti. Rapò a dwe idantifye gang ki pi enfliyan nan peyi a ak chèf yo, ansanm ak responsab gouvènman aktyèl oswa ansyen, ak gwo biznisman ki gen lyen dirèk ak enpòtan ak gang sa yo. Rapò a dwe esplike tou kijan relasyon sa yo sèvi enterè pèsonèl.

Anplis obligasyon pou rann kont, lwa a prevwa sanksyon ekonomik kont nenpòt moun yo rekonèt ki te soutni oswa ki te tire benefis nan aktivite gang yo.
« Pap gen okenn pwogrè pou rezoud kriz gang yo lakoz ann Ayiti si nou pa frape fasilitatè gang vyolan yo ki dèyè vyolans ak deplasman popilasyon an », se sa depite Gregory Meeks deklare.
Li ajoute: « Adopsyon Haiti Criminal Collusion Transparency Act mwen an pral ede pèp ayisyen an reziste kont gang yo, ansanm ak rezo koripsyon ki finanse, ame epi pwofite enstabilite aktyèl la. »

Vè yon apwòch penal

Haiti Criminal Collusion Transparency Act soti nan yon kanpay pledwaye ki te lanse an 2023, ki t ap mande pou rann responsab pèsonalite enfliyan ann Ayiti yo akize dèske yo ame gang kriminèl epi pwofite de aktivite yo. Petisyon an te ranmase plis pase 110 000 siyati. Kanpay la te dirije pa pastè Gregory Toussaint nan North Miami, ki te rasanble plizyè milye moun Ozetazini, ann Ayiti, Kanada ak Lafrans pou sansibilize sou kriz ayisyèn nan. Toussaint se direktè Shekinah.fm epi pastè prensipal Tabernacle of Glory.

Nan yon kominike, gwoup pledwaye Faith in Action International salye adopsyon lwa a, li di desizyon Kongrè a « retabli verite sou vrè kòz vyolans jeneralize ak kidnapin ann Ayiti, yon etap nesesè pou retabli bon gouvènans ak sekirite ».

« Aksyon Kongrè a ka make yon gwo tounan pou Ayiti epi li pote yon ti limyè lespwa pou pèp ayisyen an nan moman difisil sa yo », se sa gwoup la deklare. Li lanse apèl bay sekretè deta Marco Rubio pou li aplike lwa a nèt, sitou lè li enpoze sanksyon kont pèsonalite enfliyan ki te kolabore ak gang vyolan.

Gwoup la konsidere tou adopsyon lwa sa a kòm yon agiman anplis pou mande pwolongasyon Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayisyen k ap viv Ozetazini. Pandan gang yo kontwole jiska 90 % zòn metwopoliten Pòtoprens epi y ap elaji enfliyans yo nan lòt rejyon peyi a, Depatman Sekirite Enteryè ameriken an deklare li pa nan enterè Etazini pou Ayisyen yo rete sou teritwa a, e li anonse dènyèman fen pwoteksyon legal tanporè pou Ayisyen yo apati 3 fevriye 2026.

Dapre Faith in Action, konsidere « nivo vyolans ak kidnapin yo ki toujou wo, alimante pa kolizyon ant gang ak elit yo », Ayisyen yo pa ta dwe fòse retounen nan peyi yo. Gwoup la souliye tou ke ayewopò prensipal peyi a toujou fèmen, epi depòtasyon yo ap destabilize zòn ki te jiska prezan relativman estab.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841