Shelton Saintyl, yon jèn plato santral (Mibalè) ayè 21 janvye 2026 nan peyi Lafrans inivèsite Pari 8 de konsè ak Lekòl nòmal siperyè (IEH) la soutni memwa mastè II pou grad mèt nan filozofi anba tèm; Éducation et émancipation du sujet : Une relecture du Discours de la méthode de René Descartes et de l’Émile de Jean Jacques Rousseau

Li anonse kòmansman ostilite yo. Pandan rètòrik ki devlope nan milye entelektyèl yo ap prevwa efondreman gwo estrikti panse tradisyonèl yo, Shelton repran chemen an soti nan vestij yo ak yon apwòch renouvle. Atravè yon demach reflechi ak rigè, li demontre kapasite dirab panse klasik yo nan yon mond modèn ki sanble deja dispoze pou dekrete disparisyon yo.

Pi lwen Saintyl poze yon kesyon pètinant nan travay soutnans li a. Ki sa ki yon edikasyon reyisi lakay Descartes ak Rousseau ? pa limite li ak yon senp egzèsis akademik. Okontrè, li pran rasin li nan sa li dekri kòm yon kriz sans ak subjektivite nan sosyete kontemporèn yo, yon reyalite li analize tankou yon edikasyon mas ki oryante sou soumèt, òganize pa tout chan kiltirèl la.

Nan yon dokiman 139 paj Saintyl Shelton devlope nan travay soutnans la plizyè gran pwen tankou; senbolis timoun lakay Descartes ak Rousseau, Kritik konesans, epi yon refleksyon ki mete an relasyon syans, ideyoloji, ak elyanasyon

Aprè prezantasyon travay la, epi travay lektè kritik la, jiri a te bay Saintyl 19/20

nan yon kontèks kote peyi d Ayiti plonje nan divès kriz, anpil jèn pa sispan pwodwi refleksyon sou edikasyon pou sa pèmèt peyi jwen zouti pou soti nan kriz li yo

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841