Jounen 7 fevriye 2026 lan, yon gwo seremoni te òganize nan Viladakèy pou make fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT). Nan okazyon sa a Ekselans Laurent Saint-Cyr te fè afime klèman Konsèy minis lan sou direksyon Premye Minis lan Alix Didier Fils-Aimé, pral pran chaj.
Seremoni sila a te fèt nan prezans manm gouvènman an, Direktè jeneral Polis la, Jeneral an Chèf Lame peyi a, Responsab Fòs Represyon kont gang yo ak Kò diplomatik la.
Prezidan KPT an rekonèt Premye Minis lan nan moman istorik sa a, mezire
tout pwa responsabilite li pran devan Nasyon an. Li mande pou l rete konsantre sou pryorite peyi a, sekirite, dyalog politik, eleksyon, estabilite. Prezidan an raple PM lan, li pa gen dwa pou li echwe !
Ekselans Laurent Saint-Cyr raple senbolis jounen 7 fevriye a ki se yon jou ki chaje ak memwa, emosyon ak leson. Li fè konnen kriz gouvènans peyi a ap viv jounen jodi a gen anpil rasin. Li montre tout avanse KPT an fè sou sekirite an, ak sou pwosesis elektoral la. Prezidan an raple Se premye fwa depi 5 lane, nou rive lwen konsa nan pwosesis elektoral la nan peyi an.
Ekselans Laurent Saint-Cyr raple an 2026, chodyè devlopman an dwe sispann kontinye ap bouyi yon sèl bò. Li mande pèp la, jèn yo, fanm yo, pou rete vijilan pou yo pa tonbe nan pyèj fòs ki pa vle peyi an vanse,kap rale tout kalte pretèks pou fè ti dife vole, pou fè nou divize, Moun ki pa vle eleksyon, ki pa vle lapè, Transparans, efikasite ak bon jan gouvènans. Li bay mizangad kont fòs ki Fòs ki pa pè Desakralize Leta a, ki pa kwè nan demokrasi ak nan enstitisyon; Ki bliye si pouvwa PA pran nan rekritman men nan eleksyon, nan pwosesis lejitim, enklizif ak transparan.
Nan okazyon sa a, Sekretè jeneral Laprezidans lan, Marie Élisabeth Régine Joseph Haddad, montre rekonesans li ak KPT a ki te chwazi l pou jere enstitisyon an nan peryòd difisil Ayiti ap travèse a. Li anonse Laprezidans aprann anpil epi pral sèvi ak gwo eksperyans sila a pou vin pi fò epi pi efikas. Li tou pwofite fè konnen li temwen tout efò Konsèy la te fè malgre tout objektif yo pa rive atenn. Li deklare kèk fonksyon nan Laprezidans ap sispann jiskaske gen ranplasan pou KPT a.
Bò kote pa li, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé montre rekonesans li anvè manm KPT a. Li rann yon gwo omaj ak Prezidan KPT an Ekselans Laurent Saint-Cyr ki se yon veritab « homme d’État ». Li raple nasyon ap toujou rekonesan anvè li.
Seremoni fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pa mete manm KPT a kanpe lwen pèp ayisyen an. Pandan lap konstate fen manda KPT a, Ekselans Laurent Saint-Cyr raple pèp la li pa vire do ba li. Li rete yon sitwayen angaje, ki rete fidèl yon pitit tè sa a ki kwè nan lavi miyò pou tout moun, san distenksyon. « Ayiti pi gran pase anbisyon nou, Pi gran pase divizyon nou, Pi gran pase kriz n ap travèse jodi a Ayiti, pi gran pase nou tout. »