Polis Nasyonal Ayiti (PNH) resevwa, lendi 16 fevriye 2026, dis machin blende pou ranfòse kapasite operasyonèl li nan batay kont ensekirite ak gwo banditis.
Machin blende sa yo, ki soti nan men UNOPS (Biwo Nasyonzini pou sèvis sipò pwojè yo), antre nan kad efò kowoperasyon entènasyonal k ap fèt pou sipòte otorite ayisyen yo nan retablisman sekirite ak lòd piblik.
Seremoni remiz la te fèt an prezans prezidan Konsèy Siperyè Polis Nasyonal (CSPN) lan, Mesye Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak reprezantan Anbasad Kanada ann Ayiti, André François Giroux. Prezans yo temwaye angajman patnè entènasyonal yo bò kote PNH la.
Nan entèvansyon li, chèf CSPN lan salye sipò enpòtan sa a, li souliye nouvo ekipman sa yo ap pèmèt fòs lòd yo entèvni ak plis efikasite ak plis sekirite sou teren an. Li reafime tou detèminasyon otorite yo pou kontinye aksyon k ap vize retabli yon klima lapè ak estabilite nan peyi a.