Yon nouvo òganizasyon sendikal fèk pran nesans nan mitan anplwaye Ministè Anviwònman an. Se Sendika Nasyonal Anplwaye Ministè Anviwònman (SYNEME) ki lanse ofisyèlman yè madi 14 avril 2026, nan yon seremoni kote plizyè anplwaye ak responsab te reyini pou make evènman an.

Dapre sa jounalis konstate sou plas, lansman sa a vini nan yon kontèks kote anpil anplwaye ap fè fas ak divès difikilte nan travay yo. Nan plizyè entèvansyon, patisipan yo te soulve pwoblèm tankou move jesyon administratif, inegalite nan tretman ant ajan yo, ansanm ak mank mwayen lojistik, sitou nan estrikti ki nan depatman yo.
Reprezantan SYNEME yo fè konnen sendika a gen pou objektif prensipal defann dwa ak enterè anplwaye yo, pandan y ap ankouraje yon jesyon ki pi transparan, ki pi jis ak ki pi efikas nan Ministè Anviwònman an.

Yo mete aksan tou sou nesesite pou amelyore kondisyon travay yo, valorize pèsonèl la, epi asire yon pi bon distribisyon resous yo atravè tout peyi a.
“Pa ka gen bon pwoteksyon anviwònman san bon kondisyon pou moun k ap travay ladan l yo,” se youn nan deklarasyon ki make aktivite a, selon sa nou te obsève.

Anplwaye yo ki te prezan yo montre yon volonte klè pou yo pa rete an silans ankò devan sa yo konsidere kòm enjistis ak disfonksyònman. Yo fè konnen, atravè SYNEME, yo pral òganize tèt yo pou fè vwa yo tande epi patisipe aktivman nan nenpòt pwosesis refòm ki vize amelyore fonksyònman ministè a.

Avèk lansman sa a, SYNEME deja ap parèt kòm yon aktè enpòtan nan defans dwa travayè yo, pandan li kapab jwe yon wòl kle nan pwomosyon yon gouvènans ki pi responsab nan sektè anviwònman an an Ayiti.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841