Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon Kominike pou laprès nan dat 30 avril 2026, anonse enskripsyon kandida pou sesyon rekale bakaloreya jiyè 2026 yo ap dewoule sòti 4 pou rive 22 me 2026. Ministè a presize dezyèm sesyon egzamen Bakaloreya pou kandida rekale yo pou lane akademik 2025-2026 pral fèt 13 pou bout 16 jiyè 2026.
Men kondisyon pou patisipe nan enskripsyon kandida yo ki prevwa fèt pandan peryòd sòti 4 pou fini 22 me 2026 nan tout Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo.
1. Fich patisipasyon nan dènyè eprèv yo oubyen atestasyon MENFP ;
2. De (2) foto idantite ;
3. Frè patisipasyon de mil (2 000) goud pou chak kandida.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl raple kandida rekale ki nan filo yo k ap kapab patisipe nan eprèv yo pral konpoze inikman nan matyè yo p at genyen nòt pasaj la (anrejistre nan baz done BUNEXE) pou yon peryòd de (2) lane yonn kole ak lòt nan evalyasyon ofisyèl la. Nenpòt lòt fason, kandida rekale a dwe reprann ansanm matyè yo.
Ministè Edikasyon Nasyonal mande Direktè depatmantal yo pou pran bon jan dispozisyon pou bon dewoulman pwosesis enskripsyon kandida ki konsène yo, daprè sa nou li nan Kominike pou laprès la.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE