Ministè Kilti ak Kominikasyon an franchi yon nouvo etap nan Depatman Sant lan ak enstalasyon ofisyèl Mesye Plaisimon Lucksaint kòm Direktè Depatmantal, ansanm ak Thony Kerbens JOSEPH kòm Direktè Adjwen. Seremoni enstalasyon an te dewoule lendi 4 avril 2026 nan bibliyotèk minisipal Ench, an prezans plizyè otorite, notab, ak aktè enpòtan nan depatman an.
Nan diskou ouvèti seremoni an, Mèt Jean Fresly, Sekretè Jeneral pati politik CADOHOA, te mete aksan sou wòl fondamantal kilti ak kominikasyon nan devlopman yon peyi. Daprè li, « yon peyi ki neglije kilti li ak kominikasyon li ap toujou gen difikilte pou avanse ». Li ensiste sou nesesite pou valorize de poto sa yo, ki selon li, se baz pou bati yon sosyete ki ini, konsyan, epi pare pou fè fas ak defi devlopman yo.
Yon vizyon klè pou depatman an
Nan entèvansyon li, nouvo Direktè Depatmantal la, Plaisimon Lucksaint, prezante gwo liy vizyon li pou dinamize sektè kiltirèl la nan Depatman Sant lan.
Li te kòmanse pa remèsye Onorab Depite Abel Descoline ak minis kilti e kominikasyon Emmanuel Menard pou konfyans yo mete nan li. Li pwofite okazyon an pou reyafime angajman li pou sèvi depatman an ak entegrite ak efikasite.
Direktè a souliye enpòtans kilti ak kominikasyon kòm zouti esansyèl pou Leta kapab prezève epi pwomouvwa patrimwàn rich kiltirèl peyi a. Nan sans sa a, li anonse lansman yon dyagnostik jeneral sou patrimwàn kiltirèl yo nan depatman an, yon demach ki vize idantifye bezwen yo ak mete an valè potansyèl ki egziste.
Li mete aksan tou sou kolaborasyon ak vizibilite pami priyorite li yo
Plaisimon Lucksaint mete yon anfaz espesyal sou kolaborasyon ak medya yo. Daprè li, travay kole kole ak laprès se yon eleman kle pou bay plis vizibilite ak valè aktivite kiltirèl yo.
Li pran angajman tou pou òganize divès aktivite kiltirèl nan depatman an, an patenarya ak atis, òganizasyon kiltirèl, ak kominote lokal yo, nan lide pou ankouraje patisipasyon sitwayen yo epi dinamize lavi kiltirèl la.
Inisyativ inovatif pou pwomosyon kilti a
Nan yon demach pou modènize pwomosyon kilti a, Direktè a anonse òganizasyon yon konkou pou deziye yon “Anbasadè Medyatik” nan depatman an. Inisyativ sa a vize mete yon figi piblik devan pwomosyon kilti lokal la, sitou atravè medya ak rezo sosyal yo.
Anplis de sa, li prevwa devlope patenarya estratejik ak diferan aktè ak enstitisyon pou soutni epi elaji aktivite kiltirèl yo.
Kilti kòm motè devlopman ekonomik
Nan konklizyon entèvansyon li, Plaisimon Lucksaint mete aksan sou yon apwòch modèn kote kilti pa sèlman konsidere kòm eritaj, men tou kòm yon vrè levye ekonomik. Li eksprime volonte li pou valorize resous kiltirèl yo pou kreye opòtinite ekonomik nan depatman an.
Avèk nouvo direksyon sa a, Depatman Sant lan sanble pare pou antre nan yon nouvo faz kote kilti ak kominikasyon pral jwe yon wòl santral nan devlopman lokal la.