Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) bay tout direktè lekòl piblik kou prive jiska 22 me 2026 pou yo enskri tout kandida 9èm AF ak Segondè 4 ki prale nan egzamen ofisyèl pou ane akademik 2025 – 2026 la.
MENFP fè konnen se pou kapab garanti done kandida yo kòrèk ki fè li bay Biwo Nasyonal Egzamen Leta (BUNEXE) lòd pou pran bon jan dispozisyon teknik nesesè pou enskriksyon kandida yo pou ane akademik 2025 – 2026 la byen dewoule.
Yon lòt bò, MENFP fè konnen li fè yon eksepsyon pou pèmèt lekòl yo fè koreksyon nesesè sou platfòm BUNEXE la menm, akoz difikilte yo obsève nan antre done yo nan Sistèm Enfòmatik pou Jesyon Edikasyon an.
Ministè a souliye koreksyon sa yo dwe fèt avèk anpil rigè, pou enfòmasyon k ap sou fich kandida yo ak diplòm yo kapab kòrèk.
MENFP presize Direktè Depatmantal Edikasyon yo pral veye pou sa ki di nan nòt sa a aplike kòmsadwa, epi y ap gen pou bay lekòl ki nan jiridiksyon yo apui teknik yo bezwen.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen tout lekòl ki pa respekte delè ki fikse a ap tonbe anba sanksyon sa yo :
1. Y ap sèlman voye dosye li transmèt ki pa nan delè a jete.
2. Kandida dosye yo rejte sa yo p ap kapab patisipe nan egzamen ofisyèl yo.
3. Responsab lekòl ki konsène a ap pran responsabilite li.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE