Pandan yon reyinyon Konsèy Pèmanan Organisation of American States ki te fèt mèkredi 6 me 2026 nan Washington, Sekretè Jeneral OEA a, Albert R. Ramdin, prezante yon bilan detaye sou aksyon òganizasyon an ap mennen pou sipòte Ayiti.
Nan entèvansyon li, chèf OEA a mete aksan sou efò òganizasyon an ap fè pou soutni solisyon Ayiti ap pote pou tèt pa li. Li fè konnen gen yon ranfòsman nan kowòdinasyon ant aktè nasyonal ak entènasyonal yo, ansanm ak aplikasyon estriktire “Fèy Wout pou Estabilite ak Lapè” a, dapre yon kominike OEA pibliye.

Sou kesyon eleksyon yo, Ramdin souliye adopsyon dekrè elektoral la nan mwa desanm 2025 la te yon etap enpòtan. Dapre li, desizyon sa a pèmèt peyi a soti nan faz entansyon pou antre nan preparasyon konkrè pwosesis elektoral la.
Li presize OEA, atravè Depatman Koperasyon ak Obsèvasyon Elektoral li a, ap akonpaye Konsèy Elektoral Pwovizwa a avèk asistans teknik, espesyalman nan domèn teknoloji elektoral ak ranfòsman kapasite enstitisyonèl yo.

Sekirite ak sipò operasyonèl
Nan domèn sekirite a,

Sekretè Jeneral la fè konnen OEA ap oryante sipò li kounye a sou inisyativ ki plis operasyonèl. Òganizasyon an ap sipòte konpozan sivil Fòs Represyon Gang yo (FRG), pandan li patisipe tou nan ranfòsman kapasite polis la, fòmasyon espesyalize, ansanm ak devlopman ankèt finansyè ak sekirite maritim.

Youn nan prensipal zouti ki te prezante yo se tablo siveyans “Fèy Wout pou Ayiti” a. Dapre responsab yo, zouti sa a fèt pou amelyore transparans ak swivi aksyon yo, epi pi byen kowòdone kontribisyon kominote entènasyonal la. Premye faz pwojè a, ki konsantre sou aksyon OEA yo, deja fini, tandiske dezyèm faz la pral entegre kontribisyon eta manm yo.

Reprezantan pèmanan Ayiti bò kote OEA a, Jean Josué Pierre, konfime rapò sa a reflete reyalite ki sou teren an. Li pale de kèk siy ankourajan konsènan amelyorasyon sitiyasyon an nan kapital la, pandan li mande pou efò yo kontinye ak ranfòse.
Li anonse tou depo yon pwojè rezolisyon ki pote tit “Sipò pou estabilizasyon Ayiti ap dirije ak ranfòsman kowòdinasyon asistans emisferik la”, ki pral egzamine pandan pwochen Asanble Jeneral OEA a.

Anplis de sa, chèf OEA a anonse Asanble Jeneral OEA a ap fèt nan Panama soti 22 pou rive 24 jen 2026. Anvan sa, yon reyinyon Gwoup Zanmi Ayiti yo prevwa pou evalye pwogrè ki fèt yo epi mobilize plis sipò sou priyorite ki defini yo.

Ramdin prezante tou Alberto Föhrig kòm nouvo Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral la pou Ayiti ak Chèf Misyon Espesyal OEA a. Dapre li, misyon sa a vize ranfòse prezans òganizasyon an ann Ayiti, fasilite dyalòg politik la epi asire yon swivi pi estriktire sou aksyon yo.Sekretè Jeneral la reyafime angajman OEA pou kontinye akonpaye Ayiti nan efò estabilizasyon li yo ak retou demokrasi a.

Konsèy Pèmanan an fè konnen li pran nòt de prezantasyon Sekretè Jeneral la epi li mande pou yo kontinye enfòme li sou tout evolisyon sitiyasyon an.
“Fèy Wout pou Estabilite ak Lapè a rete prensipal kad ki ap gide aksyon òganizasyon an ansanm ak patnè li yo,” OEA souliye.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841