Yon gwo alèt sanitè lanse sou lanmè apre otorite yo konfime prezans plizyè ka hantavirus sou bato kwazyè MV Hondius ki aktyèlman ap pran direksyon zile Tenerife, nan achipèl Canaries yo.
Daprè Organisation mondiale de la Santé (OMS), nan yon deklarasyon ki fèt jedi 7 me 2026, senk moun deja teste pozitif ak viris la. Pandanstan, otorite panyòl yo anonse yo deja ap prepare yon operasyon espesyal pou evakye pasaje yo dèske bato a rive samdi 9 me 2026. Daprè plan ki etabli a, rapatriyman pasaje yo ap kòmanse progresivman depi lendi.
OMS fè konnen sitiyasyon an rete anba gwo siveyans, pandan enstitisyon an pa elimine posiblite pou lòt ka parèt nan jou k ap vini yo.
Anplis ka ki deja konfime yo, twa (3) moun deja pèdi lavi yo akoz viris la pandan bato a t ap navige nan Sid Atlantik la. Hantavirus se yon maladi ki souvan transmèt atravè rat ak lòt wonjè, epi li kapab lakòz gwo pwoblèm respiratwa ak konplikasyon kadyak grav.
Pandan yon konferans pou laprès nan Geneva, Direktè jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, fè konnen gen gwo posibilite pou plis ka toujou detekte sou bato a nan jou kap vini yo.
Otorite entènasyonal sante yo kontinye suiv dosye a avèk anpil atansyon pandan mezi ijans yo deja kòmanse pran pou limite pwopagasyon viris la.
Viris sila transmèt sitou atravè wonjè ki enfekte yo, epi li kapab lakòz lakay moun sentòm ki sanble ak grip tankou lafyèv, maltèt ak doulè nan misk, ansanm ak fòm grav ki kapab mennen lanmò.